HomeHot NewsNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Sitwayen ki te joure Blan yo, nan fineray prezidan an, ap jwenn 50 mil goud

Edwin Daniel Zenny fè Souffrant Borne kado 50 mil goud, pou aksyon li poze nan fineray prezidan Jovenel Moïse la. Si fineray Jovenel Moïse te make pa diskou, pwotestasyon kèk sitwayen, kriye, elatriye, gen yon sitwayen ki arive depoze anprent li, nan fason pa l, pandan patisipasyon l nan fineray ansyen prezidan an. Non sitwayen sa a se Souffrant Borne ki pa t met dlo nan bouch li pou di tout kalte pawòl ak etranje (Blan) ki te prezan nan seremoni an.

Touswit apre antèman an, videyo sitwayen sa t ap pwopaje tankou lafimen sou rezo a. Anndan videyo sa a, nou te ka remake jenòm lan move kou kong epi lonje dwèt sou Blan yo li di ki nan konplo pou asasinen Jovenel Moïse la. Jan li t ap pale a epi lanse pawòl piman bouk yo, te yon jan komik ki te kreye anpil blag kay entènot yo.

«Eyy You, Go out! Yo Gyèt ***! Yo nan konplo a tou nèg», se ak pawòl sa yo li t ap di Blan yo, yo pa gen plas yo la.

Yon jou aprè fineray la, nan emisyon ki pase sou yon radyo Jakmèl ki rele «Alo senatè», Edo Zenny te rele sitwayen an pandan emisyon an epi pale ak li. Se nan moman sa a, ansyen senatè Edwin Daniel Zenny te tou anonse l ap voye pa Mon Cash pou li, 50 mil goud. Li te mande Souffrant Borne pou elaji kont Mon Cash li pou l ka gen posiblite jwenn lajan an. Jès sa ta vle montre ansyen senatè Sidès la kore aksyon sitwayen an. Men, sou rezo a, entènot yo entèprete l fason pa yo, nan kòmantè yo. Genyen ki estime se ankouraje moun pwovoke moun, gen lòt ki aplodi jès Edo a, genyen ki kontinye fè blag ak sa epi gen ki di se kleren ki te nan tèt zanmi an.

Sitwayen sa se yon nèg nan komin Borgne ki marye epi gen pitit. Li poze aksyon sa a, paske li estime Blan ameriken yo pa ka vin fè sanblan yo pa konnen sa k pase a, selon sa l di. Li te rapousib pou l di li pa t gen okenn perèz lè l ap di sa, malgre te gen anpil sekirite. Li deklare li pa janm pè moun.

Wout Juvena ak Debwòs leve bloke

Samdi 24 jiyè a, wout Juvena ak Debwòs, ki twouve yo sou wout Kanapevè a, leve bloke. Se konsta abitan nan blòk sa te rive fè ak kawotchou ki prèske fin boule, fatra ki jete sou tout wout la, pil wòch ki gaye tou nan lari a. Pyès moun pa t an mezi di motif blokaj sa a, nan moman an. Sikilasyon machin te vrèman difisil sou wout Kanapevè a, sitou nan nivo Juvena kote machin t ap kase tèt tounen. Pa gen okenn moun ki revandike mouvman sa a. Inisyatè blokaj sa yo pa t sou plas pou bay vrè rezon an ni tou pa t gen okenn foul ki t ap pwoteste nan espas kote wout yo bloke a. Konsta yo: se jis wè pye bwa nan wout la, wòch, fatra ak kawotchou, ki ta lèse kwè se yon aksyon ki ta poze granm bonè.

Yon legliz pwotestan selebre, pou premye fwa, maryaj yon koup madivin

Legliz pwotestan Maguelone ki chita kò l nan vil Monpelye, peyi Lafrans, selebre samdi 24 jiyè, maryaj pou yon koup madivin. Dat sa a tou rantre nan listwa legliz pwotestan nan peyi Emmanuel Macron ap dirije a. 2 madivin sa yo, se 2 fanm, non yo se Emeline Daudé ak Agnès Kauffmann ki di «wi» pou lavi devan 2 lòt pastè ki te deside selebre maryaj sa a. Enfòmasyon sa a releye pa plizyè medya, tankou Huffington Post ak site Yahoo.com, ak France Bleu.

Youn nan marye yo, ki se Emeline Daudé, deklare nan mikwo France Bleu ke yo te gen anpil ankourajman, menm kan li rekonèt chwa sa a pa toujou fasil pou li byen akeyi nan milye legliz la. Emeline ki se yon madivin ki arive marye ak yon fanm parèy li, se pastè yon legliz pwotestan nan Monpelye, Agnès Kauffmann se yon pastè tou.

 

2 ond twopikal kòmanse fè enpak nan kèk depatman anndan peyi a

2 ond twopikal kòmanse enpakte plizyè depatman anndan peyi Dayati. Nan yon nouvo bilten meteyowolojik, otorite yo enfòme gen 2 ond twopikal. Youn twouve l sou pati Ès peyi Kiba, lòt la retwouve l sou kanal La Mona. 2 ond topical sa yo enpakte Gwo Antiy yo. Se sa ki lakoz plizyè depatman anndan peyi a touche. Lapli gen tan kòmanse tonbe, gen gwo kout loraj. Depatman ki plis sansib yo se Nòdès, Sant, Latibonit, Lwès ak tout rejyon Sid lan. Pou Pòtoprens ak kèk zòn ki antoure l, lapli deja te kòmanse ap tonbe, van te soufle, ak loraj ki t ap gwonde. Lanmè a, se pran prekosyon sou zòn kotyè Nò, Gòlf Lagonav ak zòn kotyè Sid, parapò ak gwo van ak loraj, selon sa bilten meteyo a mande. Li t ap enpòtan pou n pa rete anba pye bwa, pa kanpe kote fenèt ki gen vit, pran tout dispozisyon pou n pwoteje tèt nou, selon bilten meteyowolojik la.

Emmanuel Saintus

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...