HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

CTH : lanmò sibit, sendikalis René Prévil Joseph

René Prévil Joseph, ki se sekretè jeneral Konfederasyon Travayè Ayisyen (CTH), ak Federasyon Nasyonal Travayè pou Edikasyon ak Kilti (FENATEC), mouri jodi dimanch 27 jyen an, apre yon malèz respiratwa, selon sendikalis Montès Joseph. Selon tout dènye enfòmasyon nou rive rekeyi bò kote sendikalis sa a, yo fè nou konnen profesè René Prévil Joseph te gen pwoblèm respiratwa, sa ki ta pral pouse fanmi li kouri ak li lopital Sen Lik, nan Taba, samdi pase ki te 19 jyen an. 8 jou aprè, sendikalis la rive bwè dlo bouch li. Sendikalis Montès Joseph, ki te konfime nou enfòmasyon an, pa t an mezi di nou si René Prévil Joseph ta mouri nan kowonaviris ou pa. Men, fò n raple w lopital Sen Lik se yonn nan kote ki resevwa ka kowonaviris ak pasyan ki gen konplikasyon, tankou pwoblèm respiratwa ki sanble ak sentòm kowonaviris. René Prévil Joseph se te yon moun ki te konsakre yon pati nan vi l nan milite pou pi bon kondisyon travayè ayisyen yo epi goumen pou moun k ap travay nan sektè Edikasyon ak kilti jwenn ankadreman, pwoteksyon, elatriye. Depa gwo sendikalis sa a lese tristès ak dezolasyon lakay sendikalis parèy li yo ki te konn milite bò kote l, san nou p ap bliye zanmi ak fanmi l ki afekte pa lanmò sa a.

PDG Mache Ti Tony an reyaji, aprè dechoukay ki fèt nan biznis li an

Anthony Benett, anpil moun konnen sou non Ti Tony, bay premye reyaksyon l, aprè gwo dechoukay ki fèt anndan Mache Ti Tony. Jou vandredi 18 jyen an, Mache Ti Tony sibi dechoukay, aprè nèg ak zam G9 an Fanmi, baz pouvvwa PHTK a, te anvayi biznis sa a ki se pwopriyete Anthony Benett ki vann anpil pwodwi an gwo, sitou pwodwi alimantè. Aksyon sa a pase nan moman te gen gwo tansyon nan nivo ba Dèlma, kote lapolis t ap mennen operasyon, apre lanmò yon ajan CIMO 29yèm pwomosyon. Kèk videyo, ki t ap sikile, montre anpil moun ki envesti espas Mache Ti Tony epi pote ale anpil bagay ki te nan biznis sa a. Se yon biznis ki jwenn vizit ti komèsan ak gwo komèsan ki gen abitid ale achte ladan l. Li twouve l tou prè estasyon Gonayiv la. Aprè zak dechoukay sa a, Anthony Benett, sou kont Twitter li, rejayi pou di “Sa pa ka dekouraje n! M ap travay pi rèd”, yon fason pou montre l ap kontinye kreye travay malgre sa k rive a. Plizyè moun sou rezo a deplore sa k pase a epi siyale Mache Ti Tony se yon nan kote ki vann pwodui li yo, yon pri abòdab. Aksyon sa a kapab dekouraje anpil envestisè ki mete biznis pou kreye travay nan peyi a. N ap raple w ke nèg ak zam te deplwaye semenn pase, sou wout Ayewopò a, rantre nan Bermhann Motors epi bay presyon pou tout biznis nan zòn lan fèmen. Sa te kreye gwo panik sou wout la ak bò kote anplwaye yo.

Gouvènman defakto an pale sou kesyon deplase yo, chif pa UNICEF yo diferan ak pa otorite yo

Gouvènman an, nan yon konferans pou laprès li te bay vandredi 25 jyen an, nan local Ministè Travo Piblik, anonse popilasyon an, jefò gouvènman an ap fè nan sa k gen pou wè ak kesyon travay sanitè, enfrastrikti routye epi jesyon deplase yo. Konferans espesyal sa a te gen prezans minis Kilti ak Kominikasyon an, ki se Pradel Henriquez, sekretè Deta Kominikiasyon an, Frantz Exantus, epi titilè MTPTC a, ki se minis Joiséus Nader. Nan okazyon an, Frantz Exantus te pwofite moman an pou demanti enfòmasyon ki ta fè kwè se avanyè la a, gouvènman an resi foure men l nan pat la, pou pote sekou bay sitwayen ki refijye nan pwòp peyi yo. Ansyen jounalis radyo Siyal FM lan fè kwè chak enstans nan gouvènman an te akonpaye deplase yo atravè FAES, Lameri epi anonse pouvwa an plas la ap kontinye travay pou pote sipò yo bay moun ki deplase yo.

Gwo eka nan chif pouvwa an plas la ak pa UNICEF yo

Byen avan konferans sa a, te gen youn ki te fèt nan jedi 24 jyen, kote nan konferans sa a, Direktè Jeneral ONM lan, Bonheur Delva, enfòme gen 8 850 deplase, yon chif ki nètman diferan ak pa UNICEF la ki te fè konnen gen 16 800 deplase ki repati konsa :

  • 6 000, nan zòn Matisan/Fontamara,
  • 3 800, Taba/Isa,
  • epi 7 000 nan ba Dèlma.

Kote gwo diferans sa a soti ? Ki enstans ki mal konte ? Ki enstans ki twonpe sou chif yo ? Se yon seri kesyon moun ap poze.

Menm jan ak anpil wout anndan peyi a, Wout Nasyonal nimewo 2 a, zòn Matisan, nan yon eta deplworab, kote dlo, gwo twou, elatriye, anpeche sikilasyon an byen fèt. Nou ka menm konn remake moun se titato yo konn ap fè sou wout sa a pou deplase, lè yon lapli fin tonbe. Minis Joiséus Nader ki t ap reponn kesyon jounalis sou eta wout sa a, te pwente dwèt li sou koze ensekirite li raple ki gen nan zòn lan, sa ki fè travay sou wout sa a po ko koumanse epi enfòme gen yon pati ladan l, BID ap finanse, k ap koumanse Kafou pou bout Gresye.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

Finally, an accord has been reached for the creation of the transitional government that...

Togo : l’ombre de l’intimidation plane sur l’opposition

Au Togo, plusieurs membres de l’opposition ont été interpellés et gardés à vue. Le...

La conjecture d’Haïti.

L’institut de mathématique Clay a retenu sept défis mathématiques réputés insurmontables et offre un...