acceuilActualité

Nanm konstitisyon enperyal 1805 lan

Soti mwa dawou 1791 pou rive novanm 1803, sa fè 13 lane konba ant kaptif yo, ki te reklame libète byennèt yo, ak kolon yo, ki te vle sistèm esklavajis la taye banda nan Sendomeng. Lemond te tranble douvan chak kout kanno kaptif yo te tire. Pwoklamasyon endepandans Ayiti, premye janvye 1804 la, bay sistèm kolonyal esklavajis la gwo kè kase, paske pou kolon yo, revolisyon ayisyèn lan se yon move egzanp pou plizyè milye esklav ki nan Amerik la. 17 mwa apre pwoklamasyon endepandans lan, nan vil Gonayiv, 20 me 1805, Jean-Jacques Dessalines pibliye premye konstitisyon pou fikse règ jwèt la sou zile a. Se pa t premye konstitisyon ki pibliye sou zile a, paske nan lane 1801, Toussaint Louverture te pibliye youn pou tout zile a. Kidonk, se yon fot istorik grav, lè yon moun di, sou Jean-Pierre Boyer, Ayiti te «okipe» Sendomeng, paske lè sa a, zile a pa t divize. Si nou gade atik 18 konstitisyon an, n ap wè yon seri ti zile ki nan pati Lès la tankou: Samana, Saône ki te fè pati anpi Ayiti a. Kesyon anpil moun ap poze, se: ki nannan konstitisyon enperyal 1805 lan ? Avan nou ale pi lwen, li enpòtan pou nou chache konnen kisa yon konstitisyon ye. Daprè sa anpil save fè konnen, nan yon sosyete miwo-miba, lwa yo se volonte klas ki anlè a. Nan sans sa a, nou konkli: konstitisyon se tout prensip klas k ap domine a, enpoze pou yon sosyete ka fonksyone. Nan ka pa Ayiti a, konstitisyon 1805 lan, se ansanm règ jeneral lame endijèn yo te etabli pou zile a fonksyone. Konstisyon sila a genyen 11 pwen, 81 atik ki bay Dessalines yon pouvwa san limit. Nan moman Tayno yo t ap viv sou zile a, avan kolon yo te rive pa bò isit, peyi a te rele Ayiti Kiskeya. Nan memwa Endyen yo, premye atik konstitisyon an batize anpi a sou non Ayiti. Atik 2 a, bò kote pa l, fè konnen lesklavaj kaba nan anpi a. Atik sila a ede nou konprann youn nan rezon ki lakoz Dessalines te lanse kanpay Lès la. Paske, kontrèman ak atik 2 a, jal Feran te vle esklavaj la layite kòl nan pati Lès la. Sa ki pa t fè anperè a plezi. Atik 12 kostitisyon enperyal la, sa istoryen yo rele entèdiksyon Dessalines lan, te di pyès etranje pa gen dwa posede byen nan anpi a, sof fanm blanch gouvènman natiralize ak pitit yo, epi Alman ak Polonè gouvènman te natiralize yo. Etranje sa yo (Alman ak Polonè) te rejwenn ansyen kaptif yo nan batay pou endepandans lan. Se sa ki lakoz, jounnen jodi a, gen anpil desandan moun sa yo nan zòn Kazal ak Fondèblan. Pandan 19e syèk la, entèdiksyon Dessalines lan te respekte nan tout konstitisyon ki te pase yo. Se jouk sou lokipasyon blan meriken, nan kòmansman 20yèm syèk la, entèdiksyon sa a te sispann, yon fason pou mouche blan yo te ka posede tout richès peyi a. Kesyon lesklavaj la te kreye plizyè kategori ras nan koloni an. Nan lide pou elimine diskriminasyon rasyal sa a, atik 14 konstitisyon an deklare tout Ayisyen se Nwa. Se vre, konstitisyon an te bay Dessalines tout pouvwa, men daprè atik 23 a, Anperè a pa gen dwa kite pouvwa pou pitit li. Se eleksyon sèlman ki pou bay ki moun k ap ranplase Dessalines. Atik 12 dispozisyon jeneral la mande pou nasyonalize tout byen kolon fransè yo te sove kite. Kòm ansyen lib yo te gen tan reklame byen sa yo, desizyon sa te koute anperè a chè, 17 oktòb 1806. Atik 20 an te di nwa ak wouj se koulè nasyonal. Aprè yo fin asasinen papa nasyon an, fòs fènwa yo chanje koulè drapo a. 17 oktòb 1806 se pa sèlman Dessalines yo asasinen, men tou, yo asasinen pwojè libète byennèt la. Atik 26 dispozisyon jeneral la, ki se dènye atik nan konstitisyon enperyal 1805 lan, mande pou popilasyon an kanpe sou 2 pye militè l pou konbat tout moun ki gen entasyon retounen peyi a nan esklavaj. Se Dessalines ak sekretè jeneral li, Juste Chanlatte, ki te siyen konstitisyon sila a. Malerezman, lennmi pwojè libète ak byennèt yo te asasinen anperè a ak tout rèv li.

Nobert Bdouby

Articles Similaires

Back to top button