HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl an kreyòl

Nouvèl an kreyòl

Published on

Archives

Sèt (7) relijye kidnape

Bandi yo ap feraye pasi pala nan bwote moun, tankou sak yanm nan tout rakwen peyi Dayiti. Plis pase yon douzèn moun kidnape, soti samdi 10 pou rive lendi 12 avril la, kote dimanch 11 avril sèt (7) relijye ki ta prale nan yon aktivite nan komin Gantye, tonbe anba men gwoup gann 400 Mawozo. Bandi yo mande yon milyon dola pou ta libere relijye sa yo.

Yon òm dafè tonbe anba balbandi

Patrick Thébaud, se non yon biznisman ayisyen ki tonbe anba bal bandi, pandan yo t ap tante kidnape li e li fè rezistans. Bandi san fwa ni lwa yo, san pèdi tan, simen bal sou misye, an prezans tout moun ki t ap founi je gade kote antreprenè sa a pwan plis pase 11 bal, e li mouri sou plas, nan machine li.

Yon lòt 7 tou Pale Nasyonal

Abel Loreston melanje ak kèk lòt militan anonse nan mikwo laprès, yon lòt 7 tou Palè Nasyonal k ap fèt demen mèkredi 14 avril la, nan objektif pou chase Jovenel Moïse sou pouvwa a. Òganizatè yo fè konnen 7 tou Palè sa a se pou chase move lespri ki kenbe Jovenel Moïse ke manda l bout depi 7 fevriye pase a, epi ki toujou sou pouvwa a. Epi, li pwofite denonse diktati, mizè, ensekirite, kidnaping yo ki blayi anndan peyi a, depi kèk tan.

Nan sans sa a, militan yo ki pa sispann mobilize depi kèk lane, bay popilasyon ayisyèn lan randevou demen maten, sou Plas Konstitisyon an, pou ale fè 7 tou Palè Nasyonal. Militan yo menm swete vizite Jovenel Moïse anndan palè a, apre 7 tou yo.

N ap raple w 8 avril pase a, militan yo te fè 7 tou Palè Nasyonal, toujou nan menm objektif la, epi boule kawotchou pandan 7 tou sa t ap fèt. Yon mouvman ki te dewoule san ensidan, kote nèg an nwa, ame jouk nan dan, ki te soti nan Palè Nasyonal te vini tire kout bal sou militan yo.

Elèv Lise Nasyonal Petyonvil pran lari

Plizyè dizèn elèv Lise Nasyonal Petyonvil pran lari, jodi lendi 12 avril la, pou mande pwofesè nan sal klas yo. Elèv sa yo ki te ap manifeste nan komin Petyonvil te pran direksyon bò Otèl Oasis, pou desann sou wout Boudon an. Liseyen sa yo, ki te trè fache, fè konnen yo pa gen pwofesè depi aprè dezyèm kontwòl. Depi lè sa a se epav yo ale fè nan lekòl la, paske pwofesè pa janm vizite yo nan sal la, akoz ministè edikasyon nasyonal pa peye yo. Nan sans sa a, elèv yo mande Leta pou peye pwofesè yo, paske se yo k ap peye po kase a. Yo menase pou toujou rete kontinye mobilize epi okipe lari a, si revandikasyon yo pa satisfè.

Koup di monm Slam

Nerva Noël, anpil moun konnen sou non Nervno Fils De Plume,se jèn eslamè ayisyen sa a ki gen 26 lane, k ap gen pou reprezante peyi a nan vil Paris, peyi Lafrans, nan koup di mond Slam k ap fèt, soti 11 pou bout 16 me k ap vini la a. Jan nou di l pi wo a, Nervno se premye Ayisyen ki ap reprezante peyi a nan mondyal sa a ki gen 19 lòt eslamè pou 19 lòt peyi diferan. Konpatriyòt la, nan yon ti pale, te eksplike ki sa k fè l renmen Slam, epi bay detay sou tounwa sa a sitou nan sa ki gen pou wè ak kritè seleksyon eslamè yo

Mwen renmen pwezi, mwen renmen ekri, mwen renmen eksprime m, se sa ki te eksite m. Sa te koumanse nan ane 2013, depi lè sa a, mwen kenbe avèk li”. Li te kontinye pou l di: “Koup di mond slam lan k ap fèt an Frans lan, kritè seleksyon yo, an prensip, fòk ou chanpyon nasyonal lakay ou.

Ane pase, Ayiti pa t gen chans fè yon tounwa nasyonal, akoz kowona ak yon seri lòt bagay ki te vin genyen, men sa pa t anpeche, sou ansanm de travay ke moun lan fè, yo bay yon seri pri. Kòm mwen te ranpòte pri meyè eslamè deseni ayisyen an, sa te pèmèt mwen lejitim pou m reprezante Ayiti nan koup di mond Slam lan”.

Bisniz Kafe

Perkens Rolf Julien, se non yon jèn etidyan nan medsin, nan Fakilte Medsin ak Famasi anndan inivèsite Leta a, ki lanse l nan koze kafe Ayiti, kote l se yon antreprenè. An Ayiti, li souvan difisil pou w jwenn, ak laj sa a, jèn ki souvan ap kreye oubyen ap goumen pou soti tèt yo. Perkens Rolf Julien, se youn nan ka espesyal yo ki deside rantre nan koze biznis kafe pa bò isit. Nan yon pale, jèn antreprenè a te eksplike rezon ki fè se yon chan konsa li chwazi pou l envesti. «M ta pral di ki sa nou te konn pwodui lontan ki bese kounye a, kafe a vin tou monte nan tèt mwen. Ki jan sa te konn fèt ? Kouman l dwe fèt ? Kisa k dwe ajoute ? Ansanm de kesyon sa yo ta pral pouse m ekri yon pwojè nan domèn sa a», eksplike Julien.

Pou sa rive fèt, Perkens Rolf Julien mete yon antrepriz kanpe ki pou jere kesyon pwodiktivite kafe a epi te tou pwofite bay kèk detay sou antrepriz sa ki rele JPR Production (Julien Perkens Rolf Production)

Emmanuel Saintus

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

 Kreyol

Avoka Konferans Episkopal d Ayiti yo ap depoze yon rekèt devan komisè gouvènman an  Nan...

Gang k ap grandi nan zòn Wout 9 Mibalè a, reprezante yon menas pou tout Depatman Sant la

Divès sitwayen denonse yon gang k ap grandi nan zòn « Wout 9 la, nan...