HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Apredye pa sispann pran arete

Nan yon arete ki parèt jounen 16 mas 2021 an, ansyen prezidan enkilpe a, Jovenel Moïse, pran yon rezolisyon pou declare etadijans nan yon seri zòn tankou Vilaj-de-Dye, Gran-Ravin ak Savyen. Pou plizyè kouch nan sosyete a, arete sila a se yon similak, paske li pa touche zòn G-9 ap dirije yo. Menm arete sila a otorize, vaksen kont COVID-19 la, antre an Ayiti. Popilasyon an boude desizyon sa a ki pa pran lavi pèp ayisyen an pou pip tabak. Selon arete kriminèl sa a, si vaksen an lakoz yon efè negatif sou sante moun yo, yo pa gen dwa pote plent pyès kote.

Ayiti All Black

Selon kòdonatè sendika SPNH-17 la, Jean Elder Lundy, gen yon nouvo kò lapolis, direktè jeneral defakto lapolis la kreye. Nouvo kò sa a rele : «All Black». Ladan l, genyen yon seri polisye kòwonpi ak bandi notwa. Kòdonatè Lundy kontinye pou l di «All Black» te prezan nan operasyon lapolis te mennen, jou vandredi 12 mas la, nan Vilaj-de-Dye, kote, pou piti, 4 polisye te pati pou peyi san chapo.

Avoka SPNH-17 la, Jean Fritz Magny, anba kòd

Pandan li t al notifye lapolis, nan direksyon depatmantal Lwès la, sou Sit-in SPNH-17 la gen pou l òganize, nan dat 23 mas 2021 an, avoka SPNH-17 la, Jean Fritz Magny, jwenn arestasyon l. Selon enfòmasyon ki rive jwenn nou, pou kounye a, avoka a twouve l nan direksyon santral polis jidisyè. Jiskaprezan, limyè poko fèt sou arestasyon sila a.

Pòtoprens sou tansyon

Plizyè kategori nan sosyete a pa sispann endiye pou konpòtman wo kòmandman lapolis la genyen, aprè operasyon san sezaryèn lapolis te mennen anndan Vilaj-de-Dye, jou ki te vandredi 12 mas 2021 an. Nan lide pou eksprime endiyasyon yo, mèkredi 17 mas 2021 an, byen bonè nan maten, lari Pòtoprens te sou tansyon. Sikilasyon an te vrèman paralize. Barikad te drese nan plizyè zòn, tankou : Dèlma 29, 32, 60 ; wout Ayewopò, Kafou Vensan ak Jeral Batay.

Afwontman nan Polis Nasyonal la

Nan kad mouvman Fantom-509 la mennen pou mande kadav polisye ki te tonbe nan operasyon lapolis te mennen anndan Vilaj-de Dye, nan jou ki te 12 mas 2021 an, yon polisye bwè dlo bouch li, yon lòt blese. Mistal Pierre-Richard, se non polisye UDMO ki ta tonbe nan swadizan afwontman an, nan zòn Dèlma 32.

Aksidan sikilasyon yo pa sispann

Selon Stop Accidents, sòti 15 pou rive 21 mas 2021 an, gen anviwon 31 aksidan ki fèt, kote 11 moun mouri, 71 lèzòt blese. Mwatye nan moun ki mouri yo, se Madan-Sara. Majorite lòt blese yo, se moun ki t ap patisipe nan aktivite rara. Aksidan sa yo fèt nan zòn: Jeremi, Delma, Petyonvil, Senmak, Miragwàn ak Gonayiv.

Nobert Bdouby

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...