HomeInsécurité & BanditismeNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Operasyon san anestezi nan Vilaj de Dye

Nan kad operasyon lapolis te mennen, jounen vandredi 12 mas 2021 an, nan Vilaj de Dye, bandi ak zam etenn souf 5 polisye epi mete 8 lèzòt nan yon eta kritik. Selon yon mesaj ki fè laviwonn rezo sosyal yo, malgre polisye yo te mande bakòp, wo kòmandanman lapolis la te refize voye ranfò ba yo. Se sa ki lakòz 4 polisye mouri, 8 blese, anpil zam ak 2 cha, bandi yo sezi. Aprè operasyon sila a, plizyè kouch nan sosyete a eksprime endiyasyon yo. Nan yon nòt ki pote siyati jij Jean Wilner Morin, Asosiyasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo pataje soufrans lan ak fanmi polisye ki tonbe nan operasyon Vilaj de Dye a. Fondasyon Je Klere, bò kote pa l, kondane zak malonèt sa a ki pase nan Vilaj la, epi mande revokasyon responsab operasyon yo, pandan li egzije jistis ak reparasyon pou fanmi victim yo. Sa pa t rete konsa. Nan maten lendi 15 mas 2021 an, plizyè zòn nan kapital la te barikade, kawotchou t ap boule, nan lide pou pwoteste kont sa ki pase a. Nan mitan jounen an, polisye Fantom 509 yo te foule makadam lan, pou eksprime fwistrasyon yo, pandan yo t ap mande liberasyon polisye pouvwa defakto a te arete yo. Lè manifestasyon an te rive bò DDO, lapolis te bay gaz pou kraze mobilizasyon an.

Nèg ak zam antre fè operasyon nan Lopital Jeneral pou yon pasyan

Nan lendi 15 mas 2021 an, bò 4 trè aprèmidi, bandi ak zam antre nan lopital jeneral e yo ansasinen ak bal, Osner Cangé, sou kabann lopital. Enfòmasyon nou rive jwenn fè kwè viktim lan ta enplike nan lanmò yon polisye, nan zòn Kwadèboukè, jou ki te samdi 13 mas 2021 an, kote li te resevwa 2 bal. Pa bliye, anndan Lopital Jeneral, gen yon komisarya.

Pandan ensekirite a ap taye banda, aksidan sikilasyon ap vale teren

Nan yon bilan òganizasyon Stop Accident pibliye, nan jounnen lendi 15 mas 2021 an, òganizasyon an konstate: soti 8 pou rive 14 mas 2021, aksidan sikilasyon yo ogmante. Doktè Garnel Michel, ki se responsab òganizasyon an, fè konnen gen 38 aksidan ki fèt, kote 103 moun viktim, 14 nan yo mouri, 89 lòt yo blese. Aksidan sa yo fèt sou Wout Nasyonal Nimewo 1, zòn Wilyamson, Pòdpè, nan katye Orèl, nan Gresye, Pèleren, Petyonvil, Kanperen ak Okap.

Lendi 15 mas 2021 an, òganizasyon etidyan ak òganizasyon popilè pwogresis yo pa chanje pozisyon

Nan yon nòt pou laprès, etidyan ak òganizasyon pwogresis yo felisite kouraj pèp Ayisyen an, nan batay y ap mennen pou kwape diktati fewòs Jovnel Moïse ak kominote entènasyonal la mete nan dengonn pèp Ayisyen an. Òganizasyon sa yo konstate. malgre manda Jovenel fini depi 7 fevriye 2021, li kontinye ap egzèse fonksyon prezidans la, dèyè do lalwa, patikilyèman, atik 134-3 Konstitisyon an ki di klèman, pa gen dwa genyen pwolongasyon nan manda prezidan an. Aprè tout masak pouvwa PHTK Jovnel tèt kale a fè sou pèp la deja, li kontinye ap fè san pèp la koule, nan asosiyasyon avèk gang pou ansasinen polisye nan Vilaj de Dye, jou ki te vendredi 12 mas 2021 an. Sa dwe montre nou aklè, ke se yon ekip kriminèl ki mare sosis yo ak kominote entènasyonal la, nan yon pwojè diktati, pandan y ap simaye gang nan 4 kwen peyi a, ak zam pou teworize popilasyon ki pa deside bat ba. Nan sans sa a, òganizasyon etidyan ak òganizasyon popilè pwogresis yo kònen lanbi mobilizasyon sou tout fòm tout koulè lakansyèl, demen madi 16 mas la, nan 4 kwen peyi a, pou n rive dechouke rejim diktati PHTK ak alye l yo. Anwo pa moute anba pa desann. Paske polisye ki tonbe yo, masak yo, krim sou mèt Dorval, sou Gregory ak tout lot yo, pa p rete san repons. Fòk Jovenel kite Palè Nasyonal la, pou lavi ka boujonen. Nou mande pou Jovenel remèt paran polisye yo kadav yo, olye n ap cheche vann peyi ak Almagro, chef gang OEA a. Li lè li tan pou tout moun mete men ansanm, pou chavire rejim bout di Jovenel-Martelly-PHTK a. N ap fini pou n di nou mande pou tout manman ak papa pitit kenbe ti moun yo lakay yo. N ap tann chak grenn Ayisyen konsekan nan 4 kwen peyi a pou kenbe flanbo mobilizasyon an jouk nou rive dechouke rejim PHTK kriminèl la, pandan n ap mande yon alyans sere sere nan mitan mas defavorize a, nan katye popilè yo. Pèp òganize pa konn pèdi batay ! Nou pi pre ke n pi lwen. An n mete enèji nou ansanm pou n rive ! Viv pwojè libète byen-nèt la.

Nobert Bedouby

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...