" "
acceuilActualitéEn bref

Rezime nouvèl an kreyòl

Fòs fènwa yo etenn souf doktè Ernst Paddy

Dimanch 28 fevriye 2021 an, bandi ak zam touye doktè Ernst Paddy, devan klinik li, sou Chemen Dèdal, aprè yo te fin eseye kidnape l. Doktè a fèt Gonayiv, nan lane 1958. Aprè li te fin etidye medsin nan inivèsite Leta, li te ale nan peyi Almay ak Lafrans pou li anrichi konesans li, nan domèn pedyatri. Doktè Paddy te travay nan lopital Refòm Legliz de Dye, nan Akayè. Aprè, nan lane 2006, li rive jwenn sèvis pedyatri ki nan lopital Lapè a. Aprè anviwon 35 ane sèvis li bay popilasyon ayisyèn nan, nèg ak zam retire lavi l.

Solidarite Fanm Ayisyèn kondane arete prezidansyèl ki bay Apaid tè nan Savann Djann yo

Nan yon nòt ki fè laviwonn rezo sosyal yo, Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA) atire atansyon popilasyon an sou arete ansyen prezidan an pran, jou ki te 8 fevriye 2021 an. Arete sa ilegal, paske li pibliye 24è aprè manda ansyen prezidan enkilpe a fini, epi, yon senp endividi ki pa nan gouvènman defakto a, siyen kòm minis. Se nan lane 2017, minis Agrikilti epòk la, te bay SOFA 13 ekta tè nan Savann Djann, pou fè agrikilti biyolojik. Nan lane 2018 la, ministè Agrikilti mete Savann DJann pami 5 pi gwo domèn ki ka ride Leta konbat Grangou nan peyi a. Selon enfòmasyon nou rive jwenn, ansyen presidan an bay Apaid tè sa yo, nan lide pou li pwodwi yon zèb ki rele Stevia, pou miltinasyonal Coca-Cola. Pa bliye Savann Djann layite kò l sou 25 000 ekta tè, nan komin Mayisad, Senmichèl, Piyon ak Senrafayè l. Nan Savan Djann, peyizan yo pwodwi : pwa kongo, kalalou, pistach, kann, pitimi, doliv, fwi ak plizyè plant pou konbat maladi.

Aksidan sikilasyon yo pa sispann mete dlo nan je pèp ayisyen an

" "

Sòti premye janvye pou rive 7 mas 2021, gen 3 aksidan ki fèt, kote 77 moun viktim, pami yo: 8 mò, 69 blese. Aksidan sa yo fèt nan zòn Kanapevè, Avni Poupla, Gantye, Montay Nwa, Mibalè, wout Nèf, Dèlma 101, Mòn Gran Jil, Lamanten 54 ak Jan Rabèl.

DEA arete epi transfere yon VIP pale nasyonal

Mathieu L. Joseph, se non yon VIP ki jwenn arestasyon l jounen vandredi 5 mas 2021 an. Mathieu se yon ameriken ki fèt an Ayiti, lajistis amerikèn t ap chèche kon chen fou, pou trafik dwòg ak lòt krim li fè nan peyi blan meriken. Selon otorite peyi Dayiti yo, arestasyon sila a se fwi koperasyon lapolis nan peyi Etazini ak Ayiti.

Pèp la pa sispann pile beton an kont diktati

Dimanch 7 fevriye a fè yon mwa depi ansyen prezidan enkilpe a, Jovenel Moïse, kidnape palè Nasyonal la. Nan lide pou pwoteste kont zak malonèt sa a, plizyè milye moun foule makadam lan ak pankat nan men yo, pandan y ap lanse pawòl piman bouk bay otorite nan Leta a. Pou kraze manifestasyon an, lapolis te simaye gaz ak bal toupatou, sa ki t a pral lakòz yon manm MOLEGHAF, resevwa yon bal nan pye. Anpil moun nan sosyete a denonse konpòtman lapolis ki pa sispann miltipliye zak maspinay sou moun k ap egzèse dwa manman lwa peyi a ba yo.

Zafè detente vit machin; divizyon nan kan Djab la

Nan lide pou frennen fenomèn kidnaping lan, premye minis defakto a, Jouthe Joseph, pran yon kominike pou detente tout vit machin nan peyi a, sof plak ofisyèl, kò konsilè ak kò diplomatik. Desizyon sa a ilegal, paske se atik 10 nan dekrè bidjè 2020-2021 an, ki bay dwa pou tente vit machin. Anplis, sou plan jiridik, selon lejislasyon ayisyèn lan, yon kominike paka ranplase yon dekrè. Desizyon gwoponyèt sa a lakòz pèp la move kou kong. Men tou, gen plizyè otorite nan pouvwa sanginè a, tankou minis Jistis la ak Sekretè jeneral Konsèy minis yo, ki boude kont kominike Premye chèf CSPN Lan. Pa bliye, selon yon bilten CARDH pibliye sou zafè kidnaping nan peyi a, gen 110 moun bandi legal yo kidnape, nan 2 premye mwa ane 2021 an: 50 nan mwa janvye, 60 nan mwa fevriye.

Guy-Gérald Ménard mande dwa egalego pou fanm

Chak ane, pèp toupatou nan lemonn fè sa yo konnen pou selebre 8 mas, ki se Jounen Entènasyonal Dwa Fanm. Jou an jou, gwo peyi kapitalis yo ap itilize tout kalte konbinezon pou banalize dat sa a, epi komèsyalize l, menm jan yo deja fè l pou anpil fèt tradisyonèl yo. Yo bay fanm yo yon pakèt avantaj jou sa a: magazen fè likidasyon machandiz, boutik ki espesyalize nan swen bote ofri gwo rabè, gen antrepriz ki òganize aktivite pou valorize feminite medam yo, gen lòt ki menm pwomèt sèvis gratis… Men tou, chak ane, òganizasyon feminis, pwogresis ak revolisyonè pa manke okazyon an pou fè tout moun sonje jou sa a, se pa yon fèt. Se yon jou refleksyon, jou analiz ak boukantay lide. Se moman pou fè bilan sou tout batay fanm yo mennen ak sipò gason yo, depi koumansman ventyèm syèk la, pou fanm jwi dwa egalego ak gason, sou tè a, epi reflechi sou sa ki rete pou fèt toujou. Jounen 8 mas la, se jounen mach, jounen manifestasyon, jounen aktivite sosyal ak kiltirèl, pou selebre yon dat enpòtan nan listwa limanite. Chak ane, Òganizasyon Nasyonzini chwazi yon tèm espesyal pou selebre Jounen Entènasyonal Dwa Fanm, yon jounen yo ofisyalize nan ane 1975. Lide pou tabli yon jou espesyal pou klere pwojektè sou kondisyon lavi fanm yo, se yon lide ki jèmen nan mouvman sosyal ki te pran chè nan Amerik dinò ak Ewòp, ki tanmen nan ane milnèfsan yo. Li soti nan orijin lit ouvriye fanm pou pi bon kondisyon travay ak dwa pou yo vote. Premye moun ki pwopoze pou genyen yon Jounen Entènasyonal Fanm, se Clara Zetkin (non jennfi: Clara Eissner), yon anseyan, jounalis ak fanm politik, maksis alman. Li te fè pwopozisyon sa a an 1910, nan yon konferans fanm sosyalis nan vil Kopennag. Ane apre a, 19 mas, yon milyon fanm ak gason defile nan manifestasyon, nan peyi Almay, Otrich, Dànmak ak Suis. An 1921, Lenin deklare 8 mas Jounen Fanm yo. Clara Zetkin te kwè fanm fèt pou travay pou yo gen plis otonomi. Ositou, li te revandike egalite total nan dwa sosyal ak pwofesyonèl pou fanm yo. An Ayiti, feminis yo ap mennen gwo batay sa a, nan endiferans rès sosyete a, epi san soutyen Leta. Yo gen pou fè faskare ak konsepsyon matchis ki dominan nan mitan popilasyon an, ak vyolans kont fanm ki vin pi grav sèjousi. Pou komemore 8 mas la, òganizasyon fanm yo òganize rankont, konferans ak deba sou mouvman feminis la ak defi yo genyen pou leve.

Se twòp atò Jojo bann talon w

Nou menm, òganizasyon popilè, mouvman sosyal ak politik, pati politik ki regwoupe nan opozisyon No a atravè:

Nou vle viv nò, visara, revèy fòs popilè nò, mtc nò,sektè demokratik nò, ipam, nou konsyan, baz po chat, fren, plb nò, opl nò, aaa nò, fanmi lavalas, PPN, kwè: okenn ayisyen pa dwe aksepte viv nan yon peyi san lalwa, kote pèsonn, fanm kou gason pa gen dwa.

Se twòp atò !

Zansèt nou yo pa t’ fè lendepandans pou Ayiti te aladriv. S itiyasyon peyi a grav anpil:

Apre 10 zan pouvwa kòwonpi bandi tèt kale bannann yo, peyi a vin pi difisil. Plis pase 6 milyon Ayisyen gen anpil difikilte pou yo jwenn yon plat manje chak jou. Grangou menase touye preske mwatye Ayisyen, daprè Òganis Nasyon Zini – FAO. Pyès jefò pa fèt pou amelyore kondisyon lavi moun. Okontrè, pouvwa defakto a pito ap ranfòse kapasite l pou teworize pèp ayisyen an. Kò tonton makout Woz yo (BSAP, ANI, LAME po bannann, G9 an Fanmi ak alye, LAPOLIS, ap arete, tòtire, vòle, kidnape, vyole, masakre.

SE TWÒP ATÒ!

Chak jou, zak kriminèl yo ap etone nou. Lè se pa ti lezanj, elèv lekòl, etidyan, se grandèt yo pete zizye yo, sasinen yo. Ki moun ki gen sansiblite ki pa revolte lè l ap gade imaj kote SWAT yo ap bimen yon andikape ki pa menm ka chape poul li an ba grif malfèktè yo ?

SE TWÒP ATÒ!

Rèl toupatou, anmwe sekou pou manifestan pasifik oubyen jounalis, milisyen woz ap krabinen ak gaz lakrimojèn oswa touye ak bal.

SE TWÒP ATÒ !

Pou n kontinye ap mouri paske pa gen lopital. Pou timoun nou yo kontinye pa jwenn lekòl kalite, pou yo resevwa fòmasyon kalite. Pou vil yo sal ak fatra konsa. Pou manje tounen pi gwo tèt kase pou majorite moun.

SE TWÒP ATÒ !

Li pa posib, pou menm apre 7 fevriye 2021, kote Jovnel Moyiz pa gen ni tit ni kalite, kontinye ap remèt oligachi a tout richès peyi ; plis pase 8000 kawo tè ak 18 milyon dola vèt lajan leta. Menm piyaj sou Fon Petwo Karibe yo. Peyizan malere kontinye ap bat dlo pou fè bè, pandan gwo zouzounn ap dekoupe kòpyèz, nan kreye «zone franche» pou miltinasyonal «koka kola» ak kòwonpi layite kò yo. Men kondisyon kriminèl kòwonpi yo kreye pou moun viv tankou zannimo sovaj, nan peyi zansèt nou te sakrifye tèt yo, pou akouche bèl rèv libète nan listwa limanite.

Eske n dwe kontinye viv nan peyi san lalwa?

Kote okenn moun pa gen dwa?

Se poutèt sa nou menm òganizasyon popilè, mouvman sosyal ak politik, pati politik ki makònnen fòs nou ansanm nan NÒ ak NÒDÈS, pou goumen kòtakòt ak pèp ayisyen an, nou felisite LEGLIZ KATOLIK, LEGLIZ POTESTAN, VODOUYIZAN, ÒGANIZASYON DWA MOUN, FEDERASYON BAWO AVOKA, CSPJ, SENDIKA yo, ki denonse pouvwa kriminèl, kòwonpi Jovnel Moyiz la, epi ki raple manda konstitisyonèl prezidan an bout, 7 fevriye 2021, dapre atik 134.2 Konstitisyon 1987 amande a.

N ap kontinye mande tout enstitisyon sa yo pou kontinye akonpaye pèp ayisyen an nan kalfou istorik chaje pikan kwennan l ap travèse a.

Pèp ayisyen lapatri andanje!!!

Remèd diktati se mobilizasyon!!!

Men fòk se nan INITE ak TÈT ANSANM!!!

Tout trèt ki kanpe anfas INITE ak TÈT ANSANM sa a, konnen se DIVÈSYON.

Dimanch 28 Fevriye, 11 zè, pipirit chantan, n ap derape Wonpwen Samari pou n egzije respè atik 134.2 Kontitisyon an, jouk nou rive mete kanpe yon sosyete ki gen lalwa pou bousòl, kote tout moun gen dwa. 

Nan kanaval fiyansay Pòdpe a, Mateli mande w maryaj! JOJO! Ale viv ak mari w. Kite peyi a trankil pou patriyòt yo, ansanm konstwi wout lapè ak pwogrè.

Ansanm san divèsyon n ap chanje peyi a!

Plizyè jounalis t ap bat tenèb pou di non ak koze kidnapin lan

Sou demann plizyè kouch anndan sosyete a, ki te mande pou sitwayen yo bat tenèb pou di non ak koze kidnapin anndan peyi a, plizyè jounalis ki t ap swiv yon fòmasyon anndan FOKAL, te fè yon soti nan lari a, bò midi, epi ale bat tenèb. Jounalis sa yo te klaksonen machin yo, genyen ki t ap bat bravo ak bat chèz, genyen ki te pran wòch epi ap frape fè ak pòt, pou patisipe nan bat tenèb la. Yo te fè yon dizèn minit ap fè sa. Konfrè yo te jwenn solidarite chofè machin ak moto ki t ap klaksonnen tou pandan yo t ap pase devan FOKAL.

Nobert Bedouby

Articles Similaires

Back to top button

Adblock Detected

Please consider supporting us by disabling your ad blocker