HomeNouvèl kout an kreyòlRezime nouvèl an kreyòl

Rezime nouvèl an kreyòl

Published on

Archives

Pou kòmansman ane 2021 an, medam ayisyèn yo resevwa kout kouto pase bèt ki nan labatwa

Nan yon semèn sèlman, plizyè fanm mouri, ansasinen anba kout kouto mennaj yo. Se nan sans sa a, jou ki te premye janvye 2021 an, nan zòn Kanapevè, Sherley Monfort pèdi lavi l, aprè li te fin resevwa plizyè kout kouto nan men mennaj li, ki rele Zenden Anderson Cherestal. Selon pòtvwa annapre polis nasyonal la, enspektè Garry Desrosiers, se paran kriminèl la ki te mennen l DCPJ. Ansasen yo pa t chome. Nan Lagonav, lokalite «Fanm Pa Mele», jou ki te 5 janvye 2021 an, nan aprèmidi, Jopheline Beauvoir mouri anba kout kouto mennaj li, Nickson Philogène, ki t ap fè jalouzi. Apre zak sila a, zagoloray la kraze rak. Yon lòt bò, nan lannwit 6 janvye 2021 an, nan komin Miragwàn, yon bèbè ki rele Darline Carénant resevwa plizyè kout kouto anba men mennaj li ki se yon bèbè, menm jan avè l.

Lapolis bezwen sekirite

Dimanch maten 3 janvye 2021 an, endividi moun pa rive idantifye, kidnape enspektè polis Wilner Seraphin. Ravisè yo mande 1 milyon dola ameriken pou yo libere l. Yon lòt bò, nan antre vil Pòtoprens, espesyalman nan estasyon Gonayiv la, malfra yo kidnape Sanon Erns Theodort ak Vincent Jean Maxo, kise 2 ajan BIM. 2 milyon dola ameriken, se kantite lajan yo mande pou liberasyon yo.

Ane a chanje, men ansasen bandi legal PHTK yo, toujou nan vil la

Delma 31, nan ri Laforèt, yon jenn gason, moun pa idantifye, tonbe anba bal bandi, jou ki te 3 janvye 2021 an. 4 jou apre, jedi 7 janvye 2021, nan zòn Dèlma, 2 endividi sou motosiklèt fizye enspektè polis, Wilfrid Pierre, pandan li t ap sot fè yon tranzaksyon labank, bò 10 zè nan maten. Polisye a te nan yon RAV4 gri. Menm 7 janvye sa a, nan depatman Nò, komin Sen Rafayèl, 6 moun mouri, plizyè lòt blese, nan yon fiziyad ki fèt kay yon ougan, nan yon seremoni vodou. Nan lide pou pwoteste kont zak malonèt sila a, plizyè zòn te barikade. Toujou nan depatman Nò a, 8 janvye 2021 an, responsab mache piblik dezyèm vil peyi a, Jean-Robert Pierre, tonbe anba bal bandi ki te kagoule.

Ayisyen pa sispann pèdi lavi yo nan pran kanntè

Selon kotidyen dominiken Listin Diario, 4 migran ayisyen mouri, 3 lòt disparèt nan yon nofraj ki fèt nan lanmè peyi Colombie (Acandi). Daprè sekretè jeneral gouvènman Acandi a, Sandra Julio, te gen 16 moun nan bato a. Pami 4 migran ayisyen ki mouri yo, te gen yon granmoun, yon fanm ansent, yon tifi 6 lane ak yon timoun 2 lane. Nan sila yo ki disparèt, gen yon fanm, yon gason ak yon bebe 7 mwa. N ap raple destinasyon moun sa yo, se te kay Tonton Sam.

Nan depatman Grandans, bandi legal yo pa sispann fè kadejak sou pitit popilasyon an

Nan zòn Bomon, vis delege Koray la, Mesga Chaumette, vyole yon tifi 14 lane, ki rele Asline. Enfòmasyon, ki rive jwenn nou, lese kwè vis delege a te rale zam sou viktim nan epi li te chire rad sou li. 24 novanm 2020 an, vis delege awondisman Jeremi an, Jean Sping François, ta vyole pitit fi delege depatman Grandans lan. Ta sanble viktim nan ansent. 30 desanm ane ki sot pase a, enspektè polis Ronsard Lizaire ta vyole yon tifi nan komin Mowon. Plizyè plent deja depoze kont prezime kadejakè a. Pandan 3 dènye mwa nan ane 2020 an, 92 timoun nan 11 lekòl ansent. 41 nan yo, se elèv lekòl «La Prophetie» ki nan komin Bomon.

FIFA idantifye 14 nan tifi Yves Jean-Bart vyole yo

Daprè yon dokiman 45 paj FIFA pibliye sou zafè Yves Jean-Bart, ki pase anviwon 20 lane nan tèt federasyon foutbòl ayisyen an, 14 tifi sibi zak kadejak anba men ansyen presidan an. Gen youn nan timoun sa yo, ki te rive ansent. Selon jij FIFA te mete sou dosye sila a, konpòtman Dadou se yon wont pou foutbòl la.

Operasyon lapolis nan baz Gran Grif

Nan yon videyo ki te viral sou rezo sosyal yo, nou idantifye plizyè moun yo rache ak kout manchèt. Enfòmasyon ki rive jwenn nou, ta fè kwè moun sa yo te manm baz Gran Grif, kote Odma t ap dirije. Selon jounalis nan depatman Latibonit lan, se nan kad yon operasyon lapolis te mennen nan komin Tirivyè, zòn Savyen, kote 3 prezime bandi mouri, anviwon 10 moun arete, 2 polisye blese. N ap raple lapolis poko bay bilan ofisyèl.

Yon etidyan nan fakilte Syans zimèn mande èd

Aprè li fin pèdi 2 ren l, Emmanuel-Rocheny Lafontant, etidyan nan Travay Sosyal, nan fakilte Syans zimèn, ap fè dyaliz nan yon lopital Jakmèl. Eta sante jèn etidyan an kritik anpil. Se nan sans sa a, fanmi ak zanmi etidyan an oblije mande èd pou l ka reyalize yon operasyon nan peyi Kiba.

Kidnapin nan tounen im nasyonal nan peyi Dayiti

Zafè kidnapin nan pa sispan taye banda nan peyi a. Samdi 16 janvye 2021 an, bandi, moun pa rive idantifye, kidnape Mike Bellot, ki se fondatè Solo Bag. Yon lòt bò, lendi 18 janvye a, byen bonè nan maten, malfra yo kidnape yon pwopriyetè-chofè ki rele Eril Dede, nan zòn Pòtay Leyogàn.

Ayiti mobilizasyon

Jan sa te anonse, vandredi ki te 15 janvye 2021 an, plizyè vil nan peyi a te leve kanpe, nan lide pou mande Jovenel Moïse rache manyòk li. Se nan sans sa a, anpil kawotchou te boule, barikad te monte. Si, nan Site Endepandans lan, manifestasyon an te dewoule san pwoblèm, nan zòn metwopolitèn lan, lapolis te fè anpil vyolans sou militan yo. Menm jounalis pa t epanye.

Bdouby Nobert

Popular articles

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Le dilemme dans la crise haïtienne 

" Un projet colonial, face à un projet national : l'impérialisme contre le nationalisme."Depuis les...

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Latest News

Présidentielle au Sénégal : Diomaye Faye élu dès le 1er tour

Au Sénégal, Bassirou Diomaye Diakhar Faye est donné vainqueur de la présidentielle déroulée dimanche....

Newsreel

Two weeks after interim Prime Minster Ariel Henry has been forced to resign his...

Que dit la Loi?

Du Conseil Présidentiel Il n'existe pour le moment, aucune solution constitutionnelle pour le problème d'Haïti. ...