Nouvèl an brèf

Published on

Archives

12 janvye 2021, 11 lanne soufrans

Madi 12 janvye 2021 an fè 11 lane, depi gwo tranbleman tè 12 janvye 2010 la te kraze yon gran pati nan peyi Dayiti e touye plis pase 300 mil kretyen vivan ak andikape anpil milye lòt.

11 lane apre, otorite yo pa regle anyen pou retire viktim yo nan move sitiyasyon ke yo ye jouk jounen jodi a, kote plis bidonvil, pami yo: Kanaran, konstwi nan peyi a. 11 lanne apre, otorite yo pa rive konstwi okenn nan batiman piblik tankou Palè egzekitif, Lejislatif ak Jidisyè ke tranbleman tè 12 janvye 2010 la te detwi

Gwo katastròf 12 janvye 2010 la, ki frape byen fò peyi Dayiti, lakòz anpil moun viktim, anpil moun tonbe nan plis mizèrere epi kreye de nouvo rich, pami yo: lafanmi Clinton, Jean-Max Bellerive, elatriye. Plis pase 10 milya dola ameriken gagote pa ti klan moun sa yo, nan lòbèy ke yo te mete kanpe ki te pote non CIRH la.

Lapolis lage nan kò gang 400 mawozo

Lapolis debake yon lòt fwa ankò, nan baz gwoup gang vòlò, kidnapè ki bay tèt yo non: 400 mawozo. Gwoup bandi sa yo pa sispann kidnape machin ak tout pasajè, nan yo nan blòk komin Kwadèboukè, Tomazo, Mòn Kabrit, Gantye, Fon-Parizyen, elatriye.

Samdi 9 janvye 2021, lapolis te fè yon kout pye nan baz gang kriminèl 400 mawozo a. Bandi yo te gen tan lage pye yo. Lapolis kraze anpil tikay ki sèvi kachèt pou bandi sa yo, e reprann 5 machin ke bandi yo te kidnape ak tout pasajè yo. Yo te libere moun sa yo apre yo fini dechèpiye yo, men yo te kenbe machin yo pou echanje pou gwo lajan.

Tansyon nan komin Akayè

Gwo tansyon eklate nan komin Akayè, jou dimanch 10 janvye a. 2 moun pèdi lavi ak kèk lòt blese anba bal ak kout wòch. 2 machin boule rapyetè. Dezòd sa a pete, pandan final match foutbòl nan chanpyona nasyonal la ki te opoze Vyolèt Atletik Klèb kont Akayè Foutbòl Klèb, apre desizyon abit la te pran pou bay yon jwè Akayè Foutbòl Klèb yon katon wouj, pou yon fot grav li te komèt. Apre desizyon sa a, fanatik malad Akayè yo pete zen, mande batay, vare sou jwe ak abit. Menm jounalis pa epaye, lapolis, nan sans sa a, pou pwoteje jwè ak dirijan Vyolèt yo anba kolè moun Akayè, pete tire san rete. 2 moun pran bal e mouri sou plas. Pami yo, yon jenn gason 25 lane, k ap fè Filo, mouri apre li fini pran yon bal nan tèt.

Anpil moun blese ak kout wòch, kout baton. Pami yo, yon jounalis radyo tele Ginen ki manke pèdi yon grenn je l anba yon kout wòch. 2 machin boule rapyetè. Pami yo, yon Porsche Cayenne ki te pou prezidan ekip Vyolèt la.

Joseph Lambert, nouvo pwezidan Sena a

Senatè Joseph Lambert (Sidès), eli nouvo prezidan Sena Repiblik la, nan eleksyon chanpwèl ki fèt madi 12 janvier 2021 an, pou mete yon nouvo biwo nan tèt Sena Repiblik la. 8 senatè sou 10 te reyini madi 12 janvye a, pou eli yon lòt biwo nan tèt senatè ki rete nan Sena ki pa p fonksyonne a. Se konsa 4 moun eli nan eleksyon ki fèt jodi a, kote Senatè Joseph Lambert eli prezidan san redi. 8 senatè vote misye. Senatè Kedlaire Augustin eli vis-prezidan ak 7 vòt. Senatè Jean Mary Ralph Féthière retounen eli ak 8 vòt kom kestè. Gracia Delva eli kòm pwemye sekretè.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Le dilemme dans la crise haïtienne 

" Un projet colonial, face à un projet national : l'impérialisme contre le nationalisme."Depuis les...

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Latest News

Présidentielle au Sénégal : Diomaye Faye élu dès le 1er tour

Au Sénégal, Bassirou Diomaye Diakhar Faye est donné vainqueur de la présidentielle déroulée dimanche....

Newsreel

Two weeks after interim Prime Minster Ariel Henry has been forced to resign his...

Que dit la Loi?

Du Conseil Présidentiel Il n'existe pour le moment, aucune solution constitutionnelle pour le problème d'Haïti. ...