HomeHot NewsGran pwen k ap dominen aktyalite sosyo-ekonomik e politik peyi a

Gran pwen k ap dominen aktyalite sosyo-ekonomik e politik peyi a

Published on

Archives

Jou pou jou, dat pou dat

2 desanm 2020 an, fè 2 mwa depi ajan USGPN te asasinen Grégory Saint-Hilaire, nan lakou Lekòl Nòmal Siperyè. Nan okazyon sa a, etidyan nan Fakilte Dwa yo te òganize yon jounen omaj, pandan yo t ap mande jistis ak reparasyon pou kanmarad yo, Grégory, ki te tonbe nan batay li t ap mennen, pou Agenor Cadet te ka respekte yo pwotokòl dakò, ENS te siyen ak ministè Edikasyon Nasyonal la.

Ayiti kilti

Nan kad yon vizit Jovenel Moïse te fè nan depatman Nòdwès la, li anonse Kanaval Nasyonal 2020 an ap òganize nan vil Pòdpè. Yon lòt bò, Sant Kiltirèl Louvri Je ak bibliyotèk minisipal vil Ench lan konte òganize, jou k ap 27 desanm nan, «festival des idées», soti dizè pou rive katrè. Envite espesyal aktivite sila a, se istoryen Georges Eddy Lucien ak sosyològ Lewis Ampidon Cloméus. Se sou plas Charlemagne Péralte la, aktivite sa ap dewoule.

Jovenel Moïse pa sispann fabrike dekrè

Sou pretèks li vle ranfòse sekirite nasyonal la, Jovenel Moïse, nan yon dekrè li pibliye jou ki te 26 novanm 2020 an, konsidere kidnapin, zam ilegal ak barikad, kòm zak teworis. Yon moun, ki ta poze yon zak parèy, riske pase 30 a 50 lane nan prizon, epi l ap peye 2 milyon a 200 milyon goud amann.

«CORE Group» la denonse dekrè tèt anba Jovenel Moïse yo

Aprè klas politik ayisyèn lan, se tou pa «CORE Group» la ki eksprime enkyetid li konsènan dekrè tèt chat Jovenel Moïse pibliye sou Ajans Nasyonal Entelijans ak Ranfòsman Sekirite Piblik la. Nan yon kominike ki pibliye samdi 12 novanm lan, CORE Group la fè kwè dekrè sa pa bobo ak prensip fondamantal demokrasi a. Nan yon lòt bò, Batonyè lòd avoka Pòtoprens lan, Mèt Marie Suzy Legros, mande Jovenel pou li sispann fabrike dekrè.

Léon Charles ap fè teyat, Izo ap fè «live»

Nan yon konferans kòmandan an chef lapolis la bay vandredi ki te 4 desanm 2020 an, aprè li te fin menen yon operasyon nan zòn Vilaj de Dye, Léon Charles pwomèt popilasyon an fèt Nwèl la ap pase nan lapè. Pandan Lapolis ap mennen operasyon an, Chèf gang Vilaj la, Izo, te andirèk sou Facebook, kote li demanti Premye minis de fakto, Joseph Jouthe, ki te deklare bandi nan Vilaj la atake yon bakòp polis.

Kidnapin lan pa sispann taye banda nan depatman Lwès

Nan lannwit dimanch ki te 6 desanm 2020 an, endividi moun pa t rive idantifye, kidnape yon machann sosis ki rele Magdala Louis ak Dukenz Princivil. Kidnapè yo mande 800 mil dola pou liberasyon yo. Nan lide pou pwoteste kont zak malonèt sa a, moun Nazon (Mòn Dede) boule kawotchou epi mete barikad sou tout wout la. Sa te kreye yon sitiyasyon panik. Yon lòt bò, nan yon piblikasyon jounalis RCH2000, Osnel Jean-Baptiste, fè konnen yo kidnape Irline Hyacinthe nan lannwit ki te 3 desanm 2020 an. Kidnapin sa fèt nan zòn Marin 26, tou prè lopital «La Sève».  Victim lan te nan yon machin gri, imatrikile BB 82860.

Nan Leyogàn, bandi kidnape Stanley Grégoire D’Haiti ak Thomas Gestimé ki se 2 jèn gason. Kidnapè yo te gen inifòm polis sou yo epi yo te nan yon machin zo reken. Ravisè yo mande fanmi viktim yo 1 milyon dola ameriken. N ap raple, Stanley se pitit yon machann kafe nan estasyon bis Leyogàn lan.

Nan dosye masak Lasalin lan, administrasyon Trump lan souke kò l

Administrasyon Trump lan, ki se pi gwo alye Jovenel Moïse, pran sanksyon kont ansyen minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal la, Fednel Monchéry ak Pierre Richard Duplan, ansyen delege depatmantal Lwès, sou rejim tè kale a. Jimmy Chérizier alyas Babekyou tonbe anba menm sanksyon sila a. Pou responsab RNDDH la, Pierre Esperence, desizyon administrasyon amerikèn lan, se yon siyal Etazini voye bay Jovenel.

Fineray Nasyonal pou mèt Gérard Gourgue

Jedi ki te 10 desanm 2020 an, fineray ansyen defansè dwa moun yo, Mèt Gerard Gougue, chante nan legliz Kris Wa, an prezans plizyè otorite tankou: premye minis Joseph Jouthe, minis jistis Rockfeller Vincent, batonyè lòd avoka Pòtoprens lan, asyen senatè ak wo grade nan fòs Lame Dayiti a. Fanfa Palè Nasyonal la te mobilize pou ran yon dènye omaj ak ansyen militan dwa moun lan ki pati pou Peyi San Chapo, jou ki te 4 desanm 2020 an.

Yon lòt fwa ankò Lapolis vle pran kontwòl Vilaj de Dye

Dimanch 13 desanm, byen bonè nan maten, lapolis pran direksyon Bisantnè pou yo ka deloje gwoup bandi Izo ap dirije a. Nan kad operasyon sila a, anpil katouch t ap chante. Sa te rann sikilasyon an paralize. Daprè deklarasyon moun nan zòn lan, lapolis kraze plizyè kay ak bakolodè, epi plizyè lòt boule.

Bedouby Nobert

Popular articles

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Le dilemme dans la crise haïtienne 

" Un projet colonial, face à un projet national : l'impérialisme contre le nationalisme."Depuis les...

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Latest News

Présidentielle au Sénégal : Diomaye Faye élu dès le 1er tour

Au Sénégal, Bassirou Diomaye Diakhar Faye est donné vainqueur de la présidentielle déroulée dimanche....

Newsreel

Two weeks after interim Prime Minster Ariel Henry has been forced to resign his...

Que dit la Loi?

Du Conseil Présidentiel Il n'existe pour le moment, aucune solution constitutionnelle pour le problème d'Haïti. ...