HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Jean-Charles Moïse ap fè lòbèy

Tout moun ap poze kesyon pou konnen ki ti bèt ki pike lidè pati Pitit Desalin lan, Moïse Jean-Charles, ki pa sispann fè ti afè l, an solo, epi atake manm sektè opozisyon an, ke li kalifye de kowonpi. Misye pa sispann fè lòbèy, pale vye pawòl epi atake opozisyon pou pèmèt gwoup PHTK sou pouvwa a, ranfòse yo pi plis. Se peye pou mesye pouvwa anplas yo ta peye pou fè travay pwopagann sa a pou yo. Se pa de pyafe yo dwe pyafe sou jan atak sa yo Moïse ap fè, pou lòt Moïse parèy li a, sove.

Moïse Jean-Charles, ki te lanse yon manifestasyon pou ale douvan Lanbasad Lèzetazini pa t fè gwo resèt. Men lè l te rive, olye li delivre mesaj pou li denonse jan li kont Lèzetazini k ap bay jarèt ak Jovenel, se sou do sektè opozisyon an li t ap voye pawòl piman bouk. Li atake yo e atake menm jounalis tankou Me Morin, Jean Monard Metellus e menm Rony Colin, responsab radyo Zenith, kote li mande yo pou yo resezi yo, pandan li menm, li bliye pou retire gwo bout bwa ki nan je l la, avan li gade ti pay ki nan je yon lòt.

Jimmy Telson mouri anba bal

Jimmy Telson, yon jenn ti gason, 17 lanne, ki te nan klas Nouvo Segondè 3, tonbe anba bal bandi nan Delma 75, pandan l ap sòti lekòl, jou ki lendi 16 novanm 2020. Selon Papa Jimmy Telson, Daniel Telson, li fè konnen pitit li t ap sòti lekòl, lè yon machin ki te kwaze nan wout la double machin abònman pitit li a te ye a, epi chofè adwat machin sa a tire 3 bal sou machin abònman an. E Jimmy Telson pran yon bal nan bouch. Yo te kouri lopital ak jenn sa a, men li mouri sou plas.

Jimmy Telson te nan NS3, nan Kolèj Metodis ki nan Piblen (delma 75). Elèv nan lekòl sa a anba gwo chòk. Anplis, nan Pòtay Leyogan, ti machanm yo ap plenyen akòz ensekirite a ki fè tout moun gen lapèrèz pou vini nan blòk la, pou vini achte. Sa lakòz machandiz yo rete nan men yo oubyen pouri jete nan lari.

Ak ki nen li resevwa tit sa a?

Enstiti Byenèt Sosyal deside bay yon meday lonè nasyonal ak madan prezidan Jovenel Moïse, Martine Moïse, kòm chanpyon « nan pwoteksyon timoun », pandan jounen selebrasyon mondyal Dwa timoun, nan Lotèl Karibe, vandredi 20 novanm 2020. Madam Martine Moïse fè konnen li kontan pou li resevwa lonè sa a, e li fè konnen l ap kontinye goumen nan sans pou pwoteksyon timoun yo. Men anpil moun ap mande ki lè, ki jou madan Martine Moïse te konn patisipe ou pran pozisyon nan kad batay k ap fèt pou pwoteksyon timoun nan peyi Dayiti. Ala koze pou tande!

Dan pouri gen fòs sou bannann mi

Pandan bandi ame ap mache jan yo vle, touye moun nan tout kwen peyi a, san pwoblèm, anba boul je lapolis, ki di li gen misyon « Pwoteje ak Sèvi », san yo pa reyaji, men ti mesye polisye lach sa yo, pa sispann touye inosan, moun ki pa ka menm gade yo nan je. Se yon senp bagay pou yon polisye rale zam li, nan je tout moun, epi tire kèlkeswa moun nan peyi Dayiti, san yo pa gen okenn pwoblèm. Se konsa, yon jenn chofè kamyonèt k ap chache lavi nan lari a, jwenn lanmò anba bal yon vagabon polisye ki deside, san krentif, touye jenn gason sa a nan Delma 33, vandredi 20 novanm 2020. Vladimir Joseph, se non jenn gason sa a, ke polisye an sivil sa a ki kantonnen nan komisarya Delma 33 a, deside retire lavi l san pwoblèm, alòske bandi ame se rete yo rete ap gade kote yo pa menm ka vanse pale ak yo, vwa pou ta ale touye yo, konsa. Men peyi a mezanmi…

Bare vòlè Bèf

Nan lannwit dimanch 22 novanm lan, nan lokalite Tirivyè, nan komin Leyogan, popilasyon an touye rache ak kout manchèt, epi mete dife sou 5 moun ke yo kenbe nan yon machin kote yo akize yo, kòm moun k ap vòlè epi kòche, sou plas, bèf yo.

N ap fè konnen, vandredi 20 novanm, plizyè milye moun te pran lari nan komin Leyogan pou rele anmwey kont bandi ki pa sispann vòlè bèf peyizan yo nan komin lan, touye yo epi ale vann Potoprens. Pou sèlman jou vandredi 20 novanm lan, abitan nan plenn Leyogan leve jwenn plis pase 10 tèt bèf lage nan raje, apre bandi yo fini kòche bèf sa yo mete nan machin pou ale vann epi ki te tèt bèf yo atè nan plenn lan, kote yo te kòche yo an.

Moun ap pran bal mawon anndan lakay yo

Ou nan lari, ou pa ansekirite. Ou anndan lakay, menm kout baton an. An Ayiti, chak jou Bondye mete, sitwayen pa sispann mouri oubyen blese anba bal bandi, lapolis elatriye.

Jedi 19 novanm, nan katye Kodada (Nazon), yon jenn demwazèl resevwa yon bal nan tèt, alòske li te twouve li anndan lakay li. Menn penpenp la pou yon lòt jenn gason ki pran bal nan ponyèt alòske li te chita sou galri lakay li, nan katye Selimenn, nan Nazon. Nan Katye Solino, moun ap rele anmwey pou tòl kay yo grenn bal mawon pa sispann pèse.

4 kidnapè anba kòd

Dimanch 22 novanm, lapolis poze lapat sou 4 kidnapè, pami yo, yon fanm, sou wout nasyonal nimewo 1 an, epi lapolis libere yon otaj ki te nan men bandi yo, nan machin yo woule, pou ale kache otaj la. Lapolis sezi tou 2 zam sou fanm ki te pami bandi yo.

Yon bandi mouri 3 lòt anba kòd

Nan Jeremi (Grandans) lapolis bloke yon gwoup nèg ki t ap tante kidnape yon ekip Pè ki te nan yon bis ki ta prale nan komin Mafran, samdi 21 novanm 2020. Se yon gwoup 9 bandi ki t ap woule sou 3 motosiklèt. Yo t ap tante bloke bis la pou pran Pè yo. Lè lapolis debake an Chango pete kout zam ak bandi yo, youn nan yo pran bal e ale mouri sou kabann lopital. 3 lòt jwenn arestasyon yo. Lapolis ap chache 5 lòt bandi ki te gen tan lage pye yo, lè yo wè batay la pa p bon pou yo.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Le dilemme dans la crise haïtienne 

" Un projet colonial, face à un projet national : l'impérialisme contre le nationalisme."Depuis les...

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Latest News

Présidentielle au Sénégal : Diomaye Faye élu dès le 1er tour

Au Sénégal, Bassirou Diomaye Diakhar Faye est donné vainqueur de la présidentielle déroulée dimanche....

Newsreel

Two weeks after interim Prime Minster Ariel Henry has been forced to resign his...

Que dit la Loi?

Du Conseil Présidentiel Il n'existe pour le moment, aucune solution constitutionnelle pour le problème d'Haïti. ...