HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Eske w kapab, Léon Charles

Lendi 16 novanm 2020 an, nan yon gwo rankont, Premye Minis defakto, Joseph Jouthe, te genyen ak manm ki fè pati Konsèy Siperyè Lapolis Nasyonal, chef Polis Jovenel Moïse fenk mete nan tèt polis la, te la. Se Léon Charles. Epi Premye Minis la fè konnen ke : « tout bandi ak tout moun k ap ba yo jarèt, dwe mouri poul yo. Sa a, se youn nan gwo misyon nouvo chèf polis la genyen pou li akonpli », dapre pawòl Premye Minis Joseph Jouthe.

Anpil Mariwana sezi

Nan lanwit vandredi pou louvri samdi 14 novanm 2020, lapolis ak lajistis poze men sou plis pase 210 kilogram mariwana, lakay yon moun ki pote non Eliphète, nan lokalite Derak, ki nan komin Fò Libète (Depatman Nòdès). Yo te sezi 272 500 goud ak 2 zam tou, nan operasyon sa a kote komisè Gouvènman an, ki se Mèt Kerby Pierra, deklare ke gen yon manda ki pral lanse kont misye Eliphète la.

Yon lot bò, nan komin Sen Lwi-di-Nò, lapolis arete 2 moun: Berlin François ak Vilsaint Pyrlet. Nan yon pwen kontwòl, lapolis jwenn plizyè kilo mariwana ki te kache nan machin mesye yo: yon Mitsubichi.

Anplis, dimanch 14 novanm, nan Okap Ayisyen, yon patrouy lapolis deklare yo touye yon jenn gason, 22 lane, yon nèg ki abitye brake, epi lapolis poze lapat sou 2 patizan misye ki se: James Pierre, alyas Chawa (23 lane), ak Sandro Nosil (19 lane), ki t ap patisipe nan batay sa a tou.

48 anbilans gen pwoblem

Doktè Didier Hérold, ki se Direktè Sant Anbilansye Nasyonal, fè konnen ke Sant lan genyen, nan moman sa a, anviwon 78 anbilans k ap mache byen, e gen 48 lòt menm ki gen pwoblem. Y ap pase men ladan yo, gras ak kout men òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) ba yo.

3 moun mouri anba bal, nan komin Kafou

3 moun tonbe anba bal bandi kriminèl moun pa rive idantifye, nan komin kafou. Youn nan viktim yo te mouri nan katye Akachon 30. Lòt 2 yo mouri nan lannwit samdi 14 pou louvri dimanch 15 novanm, nan katye Mayotyè 75.

Nan komin Akayè menm, lapolis pa p chita gade bandi k ap touye, vòlò bagay moun. Se konsa, nan samdi 14 novanm, lapolis kraze, rapyetè, yon gwoup gang ki lage kò yo nan pran kamyon machandiz ti madan-sara, nan yon lokalite ki pote non, Williamson. Pandan operasyon sa a, lapolis poze men sou 14 bandi ki t ap feraye nan gwoup gang sa a. Pou kounye a y ap reflechi deyè kat miray pou tann jijman ak kondanasyon yo.

Yon Ougan mouri rache

Walner Yliona, se non yon ougan ki gen 60 lanne. Otorite lajistis jwenn kò misye rache epi yo lage li nan yon pwi nan lokalite Maren, nan Komin Kwadèboukè. Jij depè Pierre-Louis, ki te ale fè konsta a, deklare ke ougan an mouri sasinen lakay yon fanmi ki touye li ak kout kouto epi lage kò a nan yon pwi paske fanmi an akize misye li ta fè malfektè kont pitit yo.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...