HomeHot NewsNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Archives

Papa Nasyon an imilye ankò

Eske nou konnen, se anba gwo bravo, yon bann enbesil ki kanpe ak telefòn nan men yo t ap filmen yon malad mantal ki t ap kraze estati anperè Jan Jak Desalin la, sou plas Dam nan Okap Ayisyen (Depatman Nò), nan jou jedi 5 novanm 2020 an?

Byen bonè, nan maten, yon jenn gason ki malad nan tèt, debake sou plas Dam nan Okap, jedi 5 novanm lan, epi monte sou estrad ki gen estati Desalin lan. Li tonbe souke l jouskaske li lage li atè, epi estati a kraze, fè pil mòso.

Gwo dega sa a pase anba je yon banm moun ki kanpe, k ap bat men pou sa malad mantal sa a t ap fè a. E yo kenbe telefòn yo nan men yo, y ap filmen dezòd sa a.

Lapolis, ki te rive sou plas, te poze men sou towo a. Yo te ale ak li nan komisarya pou li ale reponn devan lajistis pou zak sa a.

G 9 pran plas lapolis

Bon, lasosyete, ki pawòl sa a? Eske nou konnen se G9 an fanmi ak alye, ki se yon gwoup gang ame, ki arete ti bandi san fwa ni lwa ki te touye Evelyne Sincère et jete kadav li sou yon pil fatra nan Delma 24, nan jou dimanch pwemye novanm nan?

Gwoup gang G9 la pi puisan ke otorite Leta yo. Se G9 la ki ranplase lapolis. Mèkredi 4 novanm 2020, gwoup gang G9 an fanmi ak alye fè konnen yo poze lapat sou ti bandi ki rele Obed Joseph, alyas Kiki, ki te kidnape, vyole epi touye jenn demwazèl 21 lane ki pote non Evelyne Sincère a.

Swit ak krim sal sa a, ki soulve plim sou do anpil moun nan peyi a, lapolis te fè konnen, nan ankèt yo louvri, y ap chache tankou chen fou, yon sèten Obed Joseph alyas Kiki, ki se bandi ki ta touye demwazèl la. Men, 2 jou apre, gwoup G9, pa vwa youn nan chèf li yo, nan yon videyo ki t ap sikile sou rezo sosyal yo, deklare yo mete men sou Obed Joseph nan Ri Sen Maten, lakay paran li.

Nan aswè, bandi sa yo ak gwo tonton zam nan men yo, te ale pote bay lapolis, Obed Joseph nan ti sou komisarya Pòtay Sen Jozèf la. Polisye ki te la, te oblije, san pale ni poze kesyon, pran Obed, tèt bese.

Fanm kore fanm

82 27, se yon nimewo ki disponib e li gratis ti cheri nan tout peyi a. Tout fanm ansent oubyen ki fin fè ti moun, kapab rele pou jwenn bonjan enfòmasyon k ap bon pou yo.

Inisyativ sa a, se Fon Nasyon Zini Pou Popilasyon (UNFPA), nan yon pwojè «Saj Fanm Pou Fanm», ki ap fè jèfò pou gade kijan yo kapab pote yon amelyorasyon nan kad sante matènèl fanm ayisyèn epi kouman yo ka sipòte Asosiyasyon Enfimyè, Saj Fanm Dayiti (AISFH) k ap batay kont lanmò matènèl.

Lapli pa sispann tonbe

Gwo lapli pa sispann tonbe nan divès depatman peyi Dayiti. Nan Kapital la, fatra ak labou fè kenken. Sou Boulva Jan Jak Desalin, sitou nan Matisan, se marèl pou moun jwe pou rive travèse, tèlman gen dlo ki monte men wotè. Labou ak fatra menm, se pa pale.

Dlo, fatra ak labou lakòz gwo blokis nan Matisan, kote anwo pa monte anba pa desann. Popilasyon nan Matisan, Fontamara ak komin Kafou pa sispann plenyen pou pwoblèm sa a. Chak fwa, se apye yo oblije travèse nan ma labou yo, pou rive lakay yo.

Tout moun nan lapèrèz

Ou nan lari ou pè; ou anndan kay, ou gen lapèrèz pirèd. Tout kote w ye nan peyi sa a, ou pran panik, akòz bandi ame pa sispann bay moun chalè, anba je otorite yo. Gen anpil nan yo, se twit sèlman y ap chita fè, pandan inosan ap tonbe anba bal ansasen, nan tout peyi a.

Nan peyi Dayiti ti mesye gang yo trè alèz. Dayè, yo gen yon slogan ki di: «Manyen youn, manyen tout». Ou ka konprann kisa ki fè yo kapab ap mache kidnape moun, touye moun konsa, san yo pa panike ni pran presyon nan men otorite lapolis ak lajistis. Dayè, gen anpil nan yo, se nan gwoup gang pouvwa a yo ye.

Dimanch 8 novanm 2020 gwo kout zam kontinye ap chante nan katye popilè Belè, kote plizyè inosan pran bal, Se gwoup gang ame G9 ki te lanse, yon lòt fwa ankò, yon gwo atak pou tante pran kontwòl katye sa a, pou plase chèf pa yo ladan l.

Ki Ankèt?

Enspeksyon Jeneral Lapolis la (IGPNH) fè yo louvri yon ankèt sou polisye ki afekte nan ti sou komisarya Pòtay Sen Jozèf la ki te la, jou mèkredi 4 novanm la, nan lannwit kote mesye bandi G9 yo te pote bandi ansasen ki te touye Evelyne Sincère a, bay lapolis, apre yo te fini poze lapat sou misye.

Obed Joseph, alyas Kiki, se non bandi, ansasen sa a, ki te touye jenn demwazèl la, Evelyne Sincère, apre li te kidnape l, vyole l epi touye l lage l sou yon pil fatra nan Delma 24, sou Nazon. Mesye G9 an Fanmi, yo di yo arete misye e renmèt li bay lapolis.

Nan Sans sa a, IGPNH fè konnen li louvri yon ankèt pou konnen eske te gen konplisite ant polisye ki te la jou swa sa a, ak bandi ame yo ki te pote Obed vini an.

Blòf sou blòf

Vandredi 6 novanm 2020, prezidan Jovenel Moïse te patisipe nan twazyèm jounen Ekonomi ke Oganizasyon Devlopman Vale Latibonit (ODVA) te oganize sou sekirite alimantè ak nitrisyonèl.

Nan sans sa a, prezidan an pa sispann fè pwomès, bay manti, blofe moun. Li fè pwomès pou mete yon izin transfòmasyon Tomat nan Vale a e li mande Premye Minis li a, Joseph Jouthe, jan l konnen fè l la, pou mete yon izin k ap mache, nan yon titan.

Emmanuel Saintus

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...
Exit mobile version