HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Archives

Nèg ak zam, sèl chèf nan peyi a

Gwoup bandi ame kale tankou dyondyon nan tout rakwen peyi Dayiti. Bandi ame sa yo touye, fè kadejak, volè zafè moun, boule kay moun, anba je otorite Leta, san pwoblèm. Yo pi puisan ke lapolis. Kout zam pa sispann tire nan katye popilè Bèlè, kote bandi ame nan gwoup «G9 an fanmi ak alye» pa janm sispann atake katye sa a. Yo touye inosan, boule kay, fè kadejak sou ti jenn fanm.

Nan samdi 17 ak dimanch 18 oktòb, anpil bal te fè kenken sou Bèlè, kote gang G9 la t ap tante pote boure pou pran kontwòl katye sa a. Anpil zam chante. Moun k ap fè rezistans nan blòk la, pa deside kite bandi pouvwa yo vini boule ti kay yo rete a ak vyole madanm ak pitit yo.

Bandi ame fè Marie Mirlande Petit kite peyi a

Nan peyi Dayiti tout sèvo yo ap pati kite peyi a, akòz bandi ame k ap mache touye moun, san gade dèyè. Bandi yo alèz. Yo antre kay moun jan yo vle, pou menase yo e menm rive touye yo anba bal e vire do yo ale, san pwoblèm, pafwa menm, sou kouvèti otorite an plas yo.

Se konsa pòt pawol yon òganizasyon k ap travay sou dwa refijye ayisyen yo SSARHA (Solidarite pou Sove Rapatriye Ayisyen) ke otorite Domiken yo ap pimpe tounen jan yo vle, san respè dwa moun, oblije lage pye li, aprè plizye mwa li fè nan mawon, aprè bandi ame te debake lakay li pou touye li, nan jou madi 21 janvye 2020, aprè yon konferans pou laprès li te fini bay pou denonse pouvwa Jovenel Moïse ki pa fè anyen pou te ede yon gwoup refijye ke otorite domiken te depòte. Pami yo, te gen anpil timoun ak fanm.

Malgre gwo menas ak atak yo te fè sou lokal òganizasyon an ki nan Laflè Duchèn, Marie Mirlande Petit te toujou kontinye ap fè travay li. Men, apre gwo atak sa a, li oblije ale nan mawon. «Mesye yo debake vè 11zè, nan aswè. Yo kòmanse tire lakay mwen, yo ouvè barye a. Mwen te gen pitit mwen, Feedy Petit ak Urielle Petit. Yo frape yo. Mwen te gen ti frè m Lesly Bruno ak pitit li, Leicha Flaire. Yo bat yo, frape yo, fè gwo presyon sou yo ak sou yon ti kouzinn mwen ki se Phania Petit. bandi yo bat li tou e yo fè tantativ pou vyole li. E yo di si yo pa jwenn mwen y ap mete dife epi touye tout moun nan kay la, lè yo tornen» . Se sa Marie Mirlande Petit fè konnen sou sitiyasyon li.

Agwonòm Moncher Élan, mouri nan yon aksidan machin

Dimanch 18 oktòb, agwonòm Moncher Élan, mouri nan yon gwo aksidan ki fèt sou wout Montòganize a (zòn dlo Jòj), tou pre komin Wanament. Agwonòn lan te gen 43 lane, lè mouche lanmò pote li ale nan yon gwo aksidan.

Fondasyon Pan Ameriken pou Devlopman (PADF) di li pa gen lapawol, lè li aprann lanmò trajik agwonòm lan, jou dimanch 18 oktòb la, e yo fè konnen yo pran yon gwo kou, nan sans sa a.

N ap raple ke Moncher Élan se te yon moun ki t ap defann, san rete, peyizan yo. Li se fondatè antrepriz pwodiksyon agrikòl ACOD (Aksyon Kouperasyon nan devlopman).

Asasina Jean Osner Glezil

Pwotektè Sitwayen an pa mete dlo nan bouch li pou kritike pòt pawol lapolis k ap bay manti, apre asasina lach yon polisye parèy li, Jean Osner Glezil, nan Otèl Revelasyon ki sou Delmas.

Renan Hédouville, ki se responsab OPC (Ofis Pwoteksyon Sitwayen), akize komisè Michel-Ange Louis-Jeune ki se pòt pawòl Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH), ki pa bay enpòtans ak lanmò polisye Jean Osner Glezil, ki rive nan lanwit 14 pou louvri 15 oktòb 2020. Ajan SWAT ak BRI touye li ak yon bal nan tèt, malgre li te idantifye li kòm yon polisye.

Renan Hédouville deklare : li lè li tan pou Direksyon jeneral lapolis la sispann fè yo parèt kom konplis. Mesaj la klè. Nou gen yon fòs polis ki enkapab. Nou gen yon komandman lapolis ki montre li enkapab pou defann ak pwoteje menm ajan lapolis yo.

Mobilizasyon an rekòmanse

Ypokrit yo sezi. Se te vèvenn yo kouri al bwè, lè yo gade kantite moun ki pran lari, nan tout gran vil peyi a, pou mande prezidan Jovenel lage pye l. Plizyè milye moun te pran lari nan anpil komin nan peyi a, pou mande Jovenel Moïse kite pouvwa, nan jou samdi 17 oktòb 2020 an.

Malgre gwo presyon bandi G9 pouvwa t ap bay, kote yo te fè menas pou tire sou pèp la si li pran lari pou di aba Jovenel, anpil moun te manifeste nan Pòtoprens, nan Jakmèl, nan Jeremi, Okap, Okay, Sen-Mak, elatriye, pou mande Jovenel kite pouvwa a, yo pa kapab pran manti ankò. Moun pa sispann mouri tout kote anba bal bandi li yo.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...
Exit mobile version