acceuilActualitéInsécurité & BanditismeNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Kidnapè yo libere Doktè Myrtho Figaro

Doktè Myrtho Figaro, bandi ame te kidnape nan jou lendi 5 la, nan katye Dikini, nan komin Kafou, jwenn liberasyon li. Doktè Myrtho Figaro ta prale antre lakay li, lè bandi kidnapè yo te mete men sou li. Li jwenn liberasyon li jedi 8 oktòb 2020 an, nan lanwit.

Yon nouvo batonye pran plas Mèt Dorval

Se pou pwemye fwa sa fèt, nan listwa peyi Dayiti, pou yon fanm eli batonye. Se konsa, vandredi 9 oktòb la, avoka nan Lòd Avoka nan Potoprens, vote san gade dèyè, nan yon sèl sans, pou Mèt Marie Suzie Legros, kòm Batonye ki pran plas Mèt Dorval ke asassen sou lòd pouvwa a touye, nan jou 28 septanm ki sòt pase a.

Gwo batay lanse kont kontrebann

Nan kad nouvèl ane fiskal ki demare a, ajan dwanye yo deklare yo detèmine pou lite, batay kont sa ki rele kontrebann nan tout kwen peyi Dayiti. Ajan yo fè konnen ke yo konsyan sou wòl yo, nan ranmase resèt pou Leta ayisyen. E yo deklare ane sa a, yo pa p kite anyen pase.

Jenès: Fowòm antreprenaryal

Vandredi 9 oktòb la, meri Okap Ayisyen (depatman Nò) lanse pwemye edisyon Fowòm Minisipal sou Antreprenarya Jenès (FOMEJ). Inisyativ sa a vini sou kont responsab Meri a, Patrick Almonor. Diferant sektè te patisipe nan aktivite sa a ki te dewoule nan dat samdi 10 ak dimanch 11 oktòb la, nan lokal meri a, ki chita nan ri 20 F.

Petwo Karibe: Jouthe tyoupe senatè yo

Senatè depatman Lwès, Patrice Dumont, fè konnen ke pwemye minis de fakto a, Joseph Jouthe, pa t okipe envitasyon chanm Sena a te voye ba li pou li te vini pran rès rapò Petwo Karibe a. Dapre Senatè a, Mouche Jouthe te dwe pase pran rès rapò sou dosye Petwo Karibe a pou li voye li bay otorite Lajistis yo, nan kad yon ankèt.

Asasina Maïkadou

Pierre Édouard Rosier, alyas Maïkadou, mouri ansasinen anndan lakay li, nan Pétion-Ville, vandredi 9 oktòb 2020 an. Maïkadou, se yon selèb makiyè ki gen anpil talan. Li te gen 41 lane. Li se tou yon pèsonalite nan kominote LGBTQ a. Yo jwenn misye mouri ansasinen anba kout kouto, lakay li, nan komin Pétion-Ville. Dapre Jij depè, Carl Henry Destin, yo lanse yon manda darè kont J.A (Julien Agénor) ki sanble se moun ki ta p viv nan kay la ak Maïkadou, depi mwa mas. Yo pa wè misye e li pa reponn apèl telefòn.

Festival: «Kafe Negro» pran yon prim

Nan festival Entènasyoal Fim Blak nan Monreyal (Kanada),«Kafe Negro» pran yon ti kichòy. Kafe Negro, se yon istwa sou migrasyon ki dire 52 minit e ki reyalize pa Mario L. Delatour, ki se yon Ayiseyen. Li ranpòte, nan Festival sa a, Pri meyè mwayen metraj dokimantè. Fim sa a rakonte vag migrasyon travayè ayisyen nan peyi Kiba, kote migran sa yo devlope kafeyikilti nan Kiba.

200yèm lane pou Wa Christophe

Kèk aktivite te reyalize, prensipalman nan Nò, pou make 200yèm anivesè lanmò Wa Christophe, jou jedi 8 oktòb 2020 an. Henri Christophe, sinome «Batisè», se te yon gwo vizyonè, dapre sa senatè Jean-Marie Ralph Fethière fè konnen, e li mande tout Ayisyen pou swiv tras gwo potorik gason sa a. «Henri Christophe, se te yon liberatè, yon nèg degran sans, ak reskonsabilite, e li te wè bagay yon gran», fè konnen senatè a. Prezidan Jovenel Moïse deklare ke Ayiti ap komemore, 8 oktòb, 200yèm anivèsè lanmò Wa Christophe, yon figi anblematik nan listwa imanite.

Legliz Sent Ann nan Komin Limonad, dechèpiye

Nan lanwit jedi 8 pou louvri vandredi 9, plizyè endividi ke moun pa konnen, dechèpiye legliz Sent Ann ki nan komin Limonad (depatman Nò). Gesner Dieudonné, ki se ajan enterimè komin lan, deklare mesye yo pa pran okenn bagay, men yo pran plezi pou kraze tout estati Sent Ann yo jwenn nan espas la.

Emmanuel Saintus

Articles Similaires

Back to top button