HomeNouvèl kout an kreyòlNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Moun pran bal nan Pòs Machan/Lali

Bandi ame tire kout zam sou moun, nan kafou Pòs Machan.  Plizyè moun, pami ti machann yo, pran bal.  Nan lannwit mekredi 23 septanm, bandi ak zam ki t ap deplase sou moto, pase e tire kout zam sou abitan nan kafou Pòs machan.  Poutan, gen yon ti sou-komisarya polis ki nan Kafou a.  Plizyè moun blese anba bal, pami ti machann fritay yo ki nan kafou sa a, chak swa, ak chofè moto yo.  Gen yon jenn gason tou ki mouri ak bal sou galri lakay li, pandan atak sa a.

Ministè ap blofe moun

Ministè Komès mete 2 nimewo pou konsomatè ki viktim anba men gwo komèsan sousè yo, ki pa sispann monte pri pwodwi yo e ki deside mete pri yo an dola ameriken, sou mache lokal la.  Nan sans sa a, ministè Komès mete 2 nimewo telefòn pou konsomatè ki viktim anba men gwo komèsan sa yo, ki refize mete pri yo an goud, pou yo pote plent pou yo. Nimewo sa yo se:

+509 2911-9928 et  +509 2810-3631.

Inogirasyon yon Sant Jèmoplas nan Nòdwès

Samdi 26 septanm, Jovenel Moïse inogire nan Sant Jèmoplas nan Nòdwès, kote otorite lokal, manm gouvènman ak kèk nan administrasyon piblik la, te prezan pou bat bravo, jan pouvwa an plas sa a toujou fè li.  Pou chak ti bagay y ap fè, yo rasanble ti zanmi yo, pou bat men pou yo.

Selebarsyon Jounen Mondyal Touris

Nan okazyon Jounen mondyal touris la, dimanch 27 septanm ki sot pase a, Direksyon rejyonal Nò ministè Touris la, te òganize yon konferans sou sijè : « touris, devlopman riral ».  Eddy Lubin, ki se responsab Enstiti Sovgad Patrimwan (ISPAN), David Toussaint, ki se direktè rejyonal  nan ministè la Kilti, Fontescony Joseph, direktè nan ministè Anviwonnman, te pale sou «touris ak patrimwàn», «touris, teknoloji» ak Ekotouris e Devlopmam riral».  N ap raple ke akoz Pandemi Kovid-19 la, sektè touris mondyal la pèdi plis pase 400 milya dola, pou premye semès 2020.

Kisa rapè ameriken Kanye West te vini fè an Ayiti

Vandredi 25 septanm, rapè milyadè ameriken an, Kanye West, te vizite Ayiti.  Li te ale Labadi, Lil Latòti, pou gade ki kote ki gen afè pou li envesti.  Kanye West te rive nan Ayewopò entènasyonal Okap Ayisyen, kote prezidan Jovenel Moïse te akeyi li, nan Salon diplomatik la. N ap raple, selon magazin Forbes, fòtin Kanye West rive nan 1,3 milya dola ameriken.

Asosiyason pechè yo ap kole tèt yo

Ministè Komès, nan yon pwojè pèch atizanal, lanse pwogram echanj ant plizyè asosiyasyon pechè nan Sid, Sidès ak Grandans. Objektif lide sa a, se pèmèt moun ki nan sektè sa a eksplwate pi byen, richès ki gen nan lanmè a, kote pechè sa a yo kapab vini responsab e patisipe nan devlopman kominote yo.

Inogirasyon plas Sent-An nan Bwa Lorans

Biwo Monetizasyon Pwogram Èd ak Devlopman (BMPAD) inogire plas piblik Sent-An Bwa- Lorans, nan komin Monben Kwochi, ki nan depatman Nòdès.

Jedi A kontanporen relanse

Aktivite Jedi A kotanporen demare, jou ki jedi 24 septanm, nan lokal Mezon Dufort.  Aktivite yo, ki fèt chak mwa, ap akeyi, apati de 27 septanm, ekspozisyon «Venn ak Kouraj», atis Sébastien Jean.  Ekspozisyon sa a ki demare jou ki 27 septanm lan, ap fini 4 oktòb k ap vini an.

6e edisyon pri jenn jounalis

Vandredi 26 septanm 2020, se te ouvèti seremoni lansman 6e edisyon Pri Jenn jounalis an Ayiti. Aktivite te fèt sou tèm «Lekòl an Ayiti», sou inisyativ Biwo rejyonal Oganizasyon Entènasyonal Frankofòn (OIF) Karayib ak Amerik Latin (BRECAL/OIF), avèk sipò ministè Lakilti, kote, nan entèvansyon li, li mande jenn yo nan 10 deptman peyi a, pou mete aksan sou «lekòl an Ayiti», nan repòtaj ekri, radyofonik ak odyovizyèl y ap reyalize yo.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Le dilemme dans la crise haïtienne 

" Un projet colonial, face à un projet national : l'impérialisme contre le nationalisme."Depuis les...

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Latest News

Présidentielle au Sénégal : Diomaye Faye élu dès le 1er tour

Au Sénégal, Bassirou Diomaye Diakhar Faye est donné vainqueur de la présidentielle déroulée dimanche....

Newsreel

Two weeks after interim Prime Minster Ariel Henry has been forced to resign his...

Que dit la Loi?

Du Conseil Présidentiel Il n'existe pour le moment, aucune solution constitutionnelle pour le problème d'Haïti. ...