HomeActualitéKEP la fòme ak sèlman Zonbi

KEP la fòme ak sèlman Zonbi

Archives

Ki kote moun sa yo te ye? ki sa yo t ap regle nan peyi a, ki sektè yo reprezante nan peyi a vre ? Se anpil kesyon tankou sa yo, popilasyon pa sispann poze pou konnen ki kote ak nan ki sektè nan vi nasyonal la yo te ye, moun sa yo Jovenel Moïse nonmen kòm manm KEP (Konsèy Elektoral Pwovizwa), nan yon arete ki date vandredi 18 septanm lan, ak misyon pou òganize eleksyon.

Jovenel Moïse, ak tout ekip gouvènman restavèk li a, pa pè ni li pa krent pou li mete sou moun 9 ti zonbi lage. Pèsonn pa konnen ki kote, nan ki Perestil zonbi sa yo te mare ni fèmen. Mesye sa ki di li se sèl chèf, sèl reprezantan Papa Letènel nan peyi a, ale dekwoke 9 ti zonbi nan Perestil kote yo te mare yo a. Li vin lage yo nan figi popilasyon an, pou vini òganize eleksyon malatyonn, pou li ak klas dominant la.

Vandredi 18 septanm 2020, nan yon arete ki pibliye nan jounal Ofisyèl Le Moniteur # 151, Jovenel Moïse nonmen manm nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) sa a yo. Moun ki fe pati KEP la se:

1.- Mesye Louis Arlext Noël, Reprezantan sektè Andikape ;

2.- Madanm Nadia Jules Amédée, Reprezantan sektè Payizan / Kooperativ ;

3.- Madanm Guylande Mésadieu, Reprezantan sektè Dwa Moun;

4.- Mesye Antonio Détil, Reprezantan sektè Jenès;

5.- Mesye Patrick Numa, Reprezantan sektè Sendikal;

6.- Madanm Espérancia César, Reprezantan sektè Dyaspora

7.- Madanm Josette Massillon, Reprezantan òganizasyon Fanm;

8.- Reveran Guy Romélus, Reprezantan Kilt Refòme;

9.- Madanm Marie Rosemène Joseph Pierre, Reprezantan sektè Vodou.

Bon, tande pawòl! Pa gen yon reprezantan nan sektè sa yo ke òganizasyon ou gwoup òganize nan sektè yo di yo reprezante a di ke yo rekonèt e bay moun sa yo manda pou ta reprezante yo nan lòbèy sa a. Nan Atik 2 arete Jovenel la, KEP sa a gen pou misyon:

1- òganize yon referandòm konstitisyonèl pou bay peyi yon lòt Konstitisyon;

2- òganize eleksyon lokal, minisipal, lejislatif ak prezidansyèl;

3- òganize eleksyon pou tout lòt pòs ki lib, jiskaske yo mete sou pye Konsèy Elektoral Pèmanan an.

Apre piblikasyon arete sa a, anpil moun nan lavi nasyonal la ap poze kesyon pou konnen ki sa Jovenel te pran avan li te pibliye arete sa a, paske afè òganize referandòm pou chanje Konstitisyon an se yon bagay manman lwa peyi a konplètman entèdi. Nan sans sa a, n ap founi je’n gade pou n wè eske moun ki di yo se majorite silansyez la, moun òganize nan sosyete sivil la, òganizasyon konsekan yo, mas pèp la, ap kite lòbèy sa a pase.

Bandi G-9 yo atake Belè pi rèd

Samdi 19 septanm 2020, bandi ki nan gwoup ki rele «G-9 an fanmi ak alye» debake ankò nan Katye popilè Belè, kote yo touye moun, boule kay san pwoblèm. Sou lòd ansyen polisye chef gang ki pote non G-9 la, Jimmy Cherizier alyas «Babekyou», yon group bandi byen ame jouk nan dan, debake nan katye Belè, simen bal sou tout moun nan zòn nan.

Asayan yo, nan atak sa a yo mennen samdi 19 septanm, gran lajounen, touye plizye, blese anpil lòt anba bal epi mete dife nan plizyè kay nan katye Belè. Lapolis pa t parèt pwent pye li pou te ale pwoteje popilasyon an ki t ap kriye, rele anmwey sekou, anba bal bandi volè malfra pouvwa sa a.

Matisan anvayi ak fatra labou

Eske n te konnen, nan peyi Dayiti, gen katye, menm yon ti pipi zandolit ta fè, l ap koule anda dlo. Se konsa katye Matisan (Sid kapital la Potoprens) ye kote nenpòt ti farinay lapli, li koule anba dlo, fatra ak labou.

Jedi 17 septanm, lapli ki te tonbe nan divès kwen nan kapital la, Potoprens, mete tout moun k ap travese sou wout nasyonal nimewo 2 a, nan nivo Matisan ak Fontamara, nan pwoblèm kote dlo sal, fatra ak labou bloke sikilasyon nan pati sa a. Pandan lapli sa a, Ravin Breya ki travese Matisan 7 desann pote dlo sal, fatra ak labou, vide sou wout nasyonal nimewo 2 a, kote sikilasyon pa fasil ditou, menm ke ou te apye, sou moto ousnon nan machin.

Evazyon Otèl boule

Evazyon Otèl ki ant ri Romen ak Maglwa Anbwaz, boule rapyetè, nan jou jedi 17 septanm 2020 an. Yon gwoup polisye te debake yo voye gaz anndan l, fè tout moun pete kouri epi mete dife nan otèl sa a ki boule nèt.

Otèl sa a, se te pou Berson Soljour, ki se nouvo responsab Direksyon Santral Polis Administratif (DCPA). Li te fenk pran pòst e li te bay lòd pou arete oubyen stope polisye 509 k ap manifeste, boule byen Leta nan peyi a. Mesaj sa a te kapte rapidman e li te rive jwenn mesye polisye 509 yo ki frape byen prive komisè a, san pèdi tan e yo detwi otèl la rapyetè.

Vizit Anbasadè Japon an nan kèk travay

Pandan nèg ki sou pouvwa a ap frape lestomak yo kòmkwa se yo k ap fè konstriksyon kèk lekol nan peyi a, ak lajan resèt peyi a, anbasadè Japon an mete dlo nan diven mesye sa yo, jou mèkredi 16 septanm nan, anbasadè Japon nan peyi Dayiti te pase vizite travay k ap fèt nan rekonstriksyon «Lise Marie Jeanne ak Lise Cent Cinquantenaire», kote se lajan fon KR ki finansye travay sa yo.

Mizumo Mitsuaki, ki se anbasadè Japon nan peyi a, te fè l akonpaye ak Premye minis defakto Jouthe Joseph, Minis Ledikasyon an Pierre Josué Agénor Cadet ak minis Afè Sosyal la Nicole Yolette Altidor.

Emmanuel Saintus

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...
Exit mobile version