HomeInsécurité & BanditismeAnn Ayiti: bandi se Leta!

Ann Ayiti: bandi se Leta!

Published on

Archives

Yo di bouch granmoun santi men pawòl ladan l se rezon. Gen de pwovèb ki pa t konn fè sans nan domèn ekonomik oubyen politik. Se souvan sou yon ang moral ak sosyal sèlman yo konn byen chita. Men, jounen jodi a, jan sitiyasyon peyi a tonbe nan tchouboum, sa fè anpil pwovèb sanble : swa yon pwofesi oubyen yon madichon. Ann analize kèk ladan yo.

Awousa, m pa pè w

Lontan, lè granmoun te bezwen bay timoun presyon, oubyen fè timoun pwomèt yo pa p pise nan kabann ankò, yo te konn di yo pral rele chaloska pou yo. Pou moun ki pa konn sa k rele Chaloska, m ap fè w konnen se te madigra ki te mete lwil motè sou tout kò yo. Pafwa, yo konn gen yon gwo koulèv ki vlope nan kou yo. Chaloska, se pi gwo presyon w te ka bay yon timoun alepòk, pou fè l mache S S. Van an vire jounen jodi a. Bagay yo grav anpil, e dèyè kay tounen devan kay. Menm lè prezidan an ta pran pòz fache l epi pran mikwo pou bay kèk bandi presyon nan menase l ap mete lame nan «dada» yo, bandi yo mande ki lame? E pou fawouche yon gwo zotobre, se kòmsi y ap chante : «Awousa, m pa pè w, se moun ou ye».

Nou t ap kouri pou Lavalas!

Pou jan nou te pale Lavalas mal, pou jan nou te plenyen ensekirite, chimè, koze rigwaz, kounye a, lè n tande koze gang k ap fè gè ak lòt gang, katye kote menm blende lapolis pa ka pase, nèg save k ap tonbe anba bal nèg sòt, n ap mande kijan nou fè rive nan eta sa a . Si lontan se ti lapli melanje ak fatra ki te konn bay lavalas dlo sal, jodi a, nenpòt «tilapli» lage moun nan katye popilè yo nan gwo kouri. Yon «ti lapli» pase, se moun k ap mouri pou granmesi. Tankou jan moun saj yo renmen di: nan kouri pou lavalas nou tonbe nan «ti lapli».

Tout moun sou tansyon

Ke se gwo patron ki kache dèyè vit fime nan gwo machin kapakat, ke se ti vakabon nan geto ak zèl sapat, tout moun ki kapab, se ak gwo zam yo dòmi leve nan peyi a. Ti malere ak malerèz ki pa ka manje ni achte yon manchèt, oblije lage kò yo nan lapriyè, fè jèn, y ap mande «Kris la» vini sove yo. Genyen lòt ki chita tankou vye mawozo k ap jete dlo anba tonèl. Pami militan yo, sa k pasifik yo, moun ki te batize nan dlo demokrasi, yo pran lari ak valiz wòch e vye kawoutchou nan men yo. Lòt sa ki brav yo, chita ap file manchèt yo, pandan y ap tann lanbi revolisyon an sonnen pou yo pase alaksyon. Jwèt la make san. Tout moun sou tansyon.

Gwo nèg se Leta

Lakay nou, lalwa se papye, bayonèt se fè. Sa vle di gwo nèg se Leta. Granmoun yo gen rezon di Pòtoprens se tè glise a. Paske tikrik tikrak, tout ganstè yo alaso. Ti pèp k ap mouri, zafè a yo. Domaj, lè yon dirijan abolotcho tèlman gen pouvwa fè mal, lè li deklare dèy nasyonal epi, la a tou, vèy pèp katye popilè nan Bèlè ak Dèlma, gen tan koumanse chante. Chaje gwo zam fann fwa nan men bandi ti sèvèl. Yo tankou ti kòk, san sèvo, gwo zepon, ki lage nan savann. Y ap chante kantamwa. Youn vle touye lòt pou grenn mayi. Antouka, sitwayen ayisyen, rich kou pov, nou pa dwe rete bwa kwaze devan plon k ap tire adwat agoch. Bal mawon pa gen mèt. Fini ak ti koze zanmi, fanmi bandi sa a. Paske, bandi rete bandi. Sonje ti pwovèb sa a: di bandi bonjou, pa di bandi bonjou, depi l jwenn pou l touye w, l ap touye w. Nou rive nan yon kalfou kote Ayisyen pa konn ki sen pou yo rele. Nou ta rele anmwey lapolis, men lapolis deja nan lari a ap rele anmwey Leta. Jodi a, menm lapolis, Leta konn ap voye fè vyolans sou pèp la k ap revandike lavi miyo ak sekirite, se li ki deside fè vyolans sou Leta ki derefize rekonèt dwa yo pou yo gen sendika pa yo, menm jan tout lòt bandi ilegal jwenn rekonesans sendika pa yo. Antouka, ki dirijan bòkò atò ki pral mete fren nan vyolans yon fantom ki sanble gen pwen pou yo parèt e disparèt jan yo vle? Lè 2 chen anraje nan pwoblèm, se lèpasan ki viktim anba dan yo. Kidonk, sitwayen, gade kote n ap mete pye n, paske lari a chaje po fig. Nan peyi sa a, se mèt kò ki veye kò. Sonje: ann Ayiti, bandi se Leta!

Ing. Rodelyn Almazor

Société et Culture

Écrivain & Poète

[email protected]

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...