HomeHot NewsAlmanak Lesly Center borlette: Yon zak ki pa wè mounite, se yon...

Almanak Lesly Center borlette: Yon zak ki pa wè mounite, se yon patoloji sosyal

Published on

Archives

Lesly Center Bòlèt, se youn nan pi gwo antrepris bòlèt nan zafè lotri an Ayiti, ki toujou enskri tèt li nan yon demach pwodui almanak pou fè kliyan yo kado chak lane. Kidonk, lane 2020 an, li pwodui yon almanak ki gen sou li pòtre yon fanm toutouni ak yon kilòt. Nan ka sa a, èske se yon bon zak pou sosyete l tann kabann lespri li? Pouki se konsa li rive pwodui almanak la? Ki pwojè Lesly pou moun, ki se yon konstriksyon sosyal, lè nou konnen kouman sosyete a ap plonje pi plis nan rivyè inyorans?
Depi kèk syèk, yo te toujou wè almanak kòm yon zouti enpòtan nan jwèt sosyal la. Almanak, ki soti nan lang arab (al = le; manach ki vle di konte) se yon ti liv ki kòmanse pa yon lojik kalandriye, kote, òdinèman, yo toujou ajoute faz lalin lan, epi, kèk fwa, leve ak kouche solèy la, lalin lan, e prensipalman planèt vizib yo, padan n ap mansyone li tou, kòm yon rekèy resèt obsèvasyon ki plizoumwen jis parapò ak sansiblite l sou kesyon lagrikilti, sezon yo, lineson yo, prediksyon sou varyasyon tan yo, ak lòt endikasyon ki gen pretansyon itil lavi. Parapò ak eleman ki sòt relate la yo, lizay almanak la, èske se la sèlman li bout? Èske almanak tou, gen lòt sansiblite, apre enfòme moun sou yon ansanm evènman ki make limanite?
Nan epòk ventyèm syèk la, kesyon almanak la te vin pi veridik sou ansanm presèp ijyèn, lagrikilti, estatistik, e menm moral. Te genyen yon seri prediksyon metewolojik ki vin pran plas yo tou, nan koze a pi fon. Tout sa yo, te vin mennen Wa Charles VI, an 1560, pran yon òdonans ki di pyès almanak pa gen dwa enprime ni vann san achevèk yo, osinon evèk yo pa apwouve l. Henri III an 1579, Louis XIV an 1628, te rive konfime yon òdonans ki di fòk sa fèt selon pèmisyon wa yo. Poutan, malgre tout desizyon sa yo, almanak te toujou fè gwo siksè, sitou ak endikasyon sou fèt legliz yo, sètadi: fèt sen patwon yo ki vin rann li nesesè, espesyalman nan peyi chretyen yo.
Sou kesyon almanak la, èske gen plizyè kategori ladan l? Si gen plizyè kalte almanak, èske dorenavan misyon yo, se pa enfòme moun sou yon domèn kèlkonk? Li enpòtan, kesyon almanak la entèpele plizyè domèn konesans tankou: almanak komik, pitorèsk, dwolatik, kritik, karivarik ak yon lòt kategori almanak ki reponn tou avèk anpil bezwen enpòtan tankou: almanak labouwè ; kiltivatè; jadinyè; chimi agrikòl, endistriyèl; konpayi elatriye; e nou rive wè tou gen almanak literè, teyat, atistik, ak almanak Les Gourmands ki, nan premye anpi fransè yo, te rive pibliye nan lane 1803 ak 1812 avèk «le fameux Grimaud de La Rivière» epi almanaque du contribuable et de l’électeur sou wayote 1830 yo.
Parapò ak tout eleman sa yo, èske imaj Lesly Center pwochte sou almanak la, pa rive trayi lespri almanak la menm? Nan mannyè sa a, èske almanak Lesly Center a, se pa yon pwomosyon pou yon sosyte bòdègèt? Lesly Center bòlèt, kòm yon enstitisyon nan zafè lotri an Ayiti, èske avan tou li pa ta dwe yon sijè moralite?
Si larèl lide nou kontinye pran koulè lannuit
Si moso rega nou se manch pilon pou pile nanm
Fè tonmtonm bay Lenglensou
Kanmarad!
Sanble p ap janm fè kim
Antouka
Voye je nou lòtbò lari a
N ap wè jan desten ap fè nou grimas…
Ekriven, powèt valbrun Frantzley (Konpè konsèy)
Jounalis, etidyan an dwa
Janvye 2020
Imel: [email protected]

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...