HomeHot NewsNouvel kout an kreyol - Bulletin 38#14

Nouvel kout an kreyol – Bulletin 38#14

Published on

Archives

Bandi menase pou touye Phanord Sophia
Kowòdonatris GVPH (Groupe Volontariat pour la Protection de l’Humanité), Phanord Sophia, nan mawon sou menas bandi k ap chèche li pou touye li. Bandi ak zam ap chèche. kou chyen fou, Phanord Sophia pou etenn souf li. Bandi sa yo te deja atake dam sa a e se bon pye li ki te sove li nan jou ki te vandredi 26 jyen 2020 an, pandan li te ale fè yon distribisyon materyèl sanitè kont kowonaviris nan lokalite «Dèyè Basen», nan komin Kafou. Bandi ak gwo zam fann fwa te debake simen bal. Menm jounalis ki te la pa t epaye. Bandi yo tire san rete e yon manm òganizsyon an te pran bal, mouri sou plas. Plizyè lòt moun te blese. Phanord Sophia ki se kowòdonatris GVPH a, se bon pye li ki te sove li jou sa a. Li te kouri antre kay yon moun nan katye a ki te kache li pou bandi yo pa t jwenn li.

Ouvriye yo an kòlè
Patwon nan peyi Dayiti pa sispann vòlè lajan asirans ouvriye yo, san ke Leta pa jann poze yo kesyon, paske se ak sipò otorite yo yo vòlè lajan asirans malerèz yo. Se konsa jodi lendi 24 dawout 2020 an, ouvriyèz ak ouvriye nan Izin SISA ke Alain VILLARD ap dirje, mobilize pou fòse misye remèt yo lajan asirans OFATMA li pa janm peye depi 3 lane. Ouvriye yo okipe Izin lan e y ap fè vèy de nwi pou mande lajan yo.

Tanpèt Lora fè dega
Anpil kote anba dlo, apre pasaj tanpèt Lora sou peyi Dayiti. Plis pase 10 moun mouri ak plizyè kay pran dlo nan divès rejyon ak depatman peyi a, nan lanwit samdi 22 pou louvri dimanch 23 dawout la. Anpil kay pran dlo, anpil bèt ale nan dlo, jaden kraze, pandan pasaj tanpèt Lora sou teritwa peyi dayiti. 15 komin nan depatman Lwès la pran dlo.

Jovenel Moïse kontinye ap fè pwomès
Prezidan Jovenel fè konnen li pral bay prè agrikòl. Misye kontinye ap fè pwomès san reyalize anyen vre. Lendi 24 dawout, nan Palè Nasyonal, Jovenel deklare li pral prete peyizan lajan ak yon to enterè 0%. Li pale pawòl sa a, pandan l ap enstale konsèy Administrasyon Bank Nasyonal Devlopman Agrikòl la (BNDA).
Men moun Konsèy BNDA gen nan tèt li:
Faude Joseph: Prezidan; Michelle Guillaume: Vis-prezidan; Ulrick Emmanuel Noël: Direktè Jeneral; Cassandra Lauture et Martin Jean-Louis: Manm

Pwogram restoran kominotè ap pouswiv
Dapre otorite lokal yo, 58 restoran kominotè jwenn manje ak lòt enkredyan nan men Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES), nan 15 komin ki nan depatman Lwès, Nip, Sidès ak Latibonit. Gen 4 nouvo restoran, pami restoran sa yo ki fenk mete nan Fò Nasyonal, Savann Pistach, nan Beny ak OnaVil.

15 milyon goud pou repare blennde lapolis yo
Nan chita pale gwo towo ki nan komandman lapolis te fè ak Premye minis de fakto a, Joseph Jouthe, ki se chèf CSPN lan, deklare li pase lòd pou debloke 15 milyon goud pou repare blennde lapolis yo. Selon otorite yo, 7 blennde pral repare ak 15 lòt, yo pral pase men ladan yo. Lapolis Nasyonal la gen 22 blennde antou, pou batay kont ensekirite nan tout peyi a.
Emmanuel Saintus

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...