HomeCulture & SociétéEske nou tout koupab oubyen konplis nan kraze Ayiti?

Eske nou tout koupab oubyen konplis nan kraze Ayiti?

Published on

Archives

Ann Ayiti w ap jwenn moun k ap di peyi a anbreye sou bak. Gen lòt moun ki prefere di peyi a ap degringole oubyen an degraba. Li difisil pou menm gwo istoryen yo di, egzakteman, depi ki lè Ayiti nan pwoblèm, paske se yon peyi, depi l te fonde, nou ap jere gwo pwoblèm. Jodi a, ann pale sou yon ti pawòl k ap sonnen nan zorèy anpil nan nou, depi kèk lane, kote jèn gason ak jenn fanm peyi nou, menm rive pran plezi nan konpoze ak chante mizik : «Nou tout koupab» ak «Nou tout konplis».
Anpil fwa, deklarasyon sa yo sòti nan bouch moun ki nan konfizyon, k ap chache konprann e eksplike degradasyon lavi moun ann Ayiti. Anba anba, pawòl sa yo koumanse gen move enpak sou angajman sitwayen ki nan diaspora ak sila yo k ap viv nan peyi a. Avan nou ale pi lwen, lè n ap pale de moun ki koupab oubyen inosan, nou pati ak yon sipozisyon gen yon krim ki komèt deja. Kidonk, avan nou kouri di yon moun koupab ou konplis, nou dwe konnen ak asirans, de ki krim n ap pale.
Depi yon malè rive, djakout nou chaje ak kesyon pou viktim yo. «Ou konn zòn lan pa bon, sa w ta l chache la? Sa k te pran w ki fè w ta l foure kò w nan politik? Kiyès ki te voye w pati?» Lè yo ta pran pòz montre yon ti konpasyon pou ou, se preche y ap preche w reziyasyon. « Ebyen, ou konnen, lavi a se yon men sòl li ye. Se moun ki genyen ki pèdi. Di Bondye mèsi yo pa t touye w. Petèt, se paske w manke priye. Oubyen w mal sèvi ak Ginen yo». Se kòmsi, dirèkteman ou endirèkteman, nou menm Ayisyen, se nou ki lakòz tout sa ki rive nou.

Zansèt nou yo te konplis tou?
Krim zansèt nou yo te viktim anba men gwo vye blan kolon, pa gen mo ki pou dekri yo, pa gen bouch pou konte yo. Kolon yo fè tout zak sovaj yo, yo aji tankou bèt avèk Afriken yo, nan fòse yo travay nan kondisyon ki pa respekte dwa moun. Pou yo jistifye vakabondaj yo, yo te di se Afriken yo ki reskonsab, paske yo pa t sivilize. Genyen ki di se te yon favè yo te fè nou, nan retire n ann Afrik, mennen nou kòm esklav sou kontinan ameriken an. Imajine w jan blan mechan sa yo ta p kontan, si yo te jwenn ti mizik ki di: «Ala yon ti pèp sovaj», pou yo chante?
Gen blan rasis tankou: Panyòl, Fransè, Anglè, Pòtigè, ki te menm rive ekri liv pou montre moun ki gen po nwa, Afriken yo, pa moun. Yo te trete zansèt nou yo tankou zannimo, tankou byen prive yo. Konsa, yo te bay tèt yo dwa «touye rache» san okenn jistifikasyon ni eskiz. Ak ki kouraj, ak ki radiyès yon moun ta pèmèt li di zansèt nou yo te koupab oubyen konplis nan krim yo te sibi, pandan prèske 300 lane, anba blan malfèktè?

Eske se pèp la ki pa konn chwazi vre?
Gen politisyen ayisyen, depi pèp la mande yo règleman, yo fè konnen yo pa t fòse moun vote pou yo. Kidonk, pèp la dwe pran l jan ye a. Ke yon dirijan ayisyen byen travay ou mal travay, depi se pèp la ki te mete l la, nou pa dwe di anyen. Se pa san rezon, jounen jodi a, prezidan demokrat nou yo, pa janm ezite raple nou se pèp la ki te vote yo pou 5 lane. Nan legliz, yo di marye marye nèt, divòs pa pou kretyen. Nan politik lakay, se vote vote nèt, pa gen demisyon ni rache manyòk, nan demokrasi. Bon pwomès, fo pwomès, bon rezilta, move rezilta, kòmsi se pèp la ki toujou koupab, paske l pa konn chwazi lidè yo?
Vye pawòl sa yo antre nan lojik pou yo fòse nou renmen pwòp bouwo nou, yon konsèp gwo blan save yo rele «Sendròm Stokòlm». Selon yo menm, sa konn rive, kote yon moun, ki pase anpil tan ak kidnapè li yo, vinn devlope atachman pou bandi sa yo. Malerezman n ap defann bandi ak politisyen yo, pandan n ap lonje dwèt, youn sou lòt.
Rezon ki fè Ayiti ap mal mache, se pa janm gwo zotobre ki fè magouy nan rezilta eleksyon. Li nòmal, si pèp la kontinye vote tout moun ki pwomèt li lavi miyò. Si moun sa yo, kou yo sou pouvwa a, yo montre se manti yo t ap bay, se blofe yo te vin blofe pèp la, nou pa dwe ap kondane pèp la pou aksyon malonèt bandi ak kravat sa yo.

Ede viktim yo pito
Kijan nou pral eksplike yon ti pèp ki nan grangou, ke tout pil lajan sa yo, prèske 4 milya dola ameriken, gaspiye nan yon peyi ki sal nan eta sa a? Kijan yon machann pen, yon machann sirèt, yon ti machann dlo, yon peyizan byen lwen, Kochon Gra oubyen Lèzirwa, konplis nan pil milyon ki te depanse san okenn projè pa egzekite? Lè gwo chèk zonbi ap chanje, se nan gwo bank sa fèt. Lè milyon yo ap retire labank oubyen depanse, ti pèp la pa jwenn yon wondèl. Nan twa rapò ki sòti sou koripsyon ak gagòt ki fèt nan lajan «PetroCaribe» a, si non pa m, ni non pa w, ni non biznis nou pa site, kijan nou fè konplis dilapidè trezò piblik yo?
Ann sispann jije mal Ayisyen ki deside kite peyi a, pou yon lavi miyò aletranje, kòm koupab oubyen lach. Ni tou, ann pa kondane Ayisyen, ki deside rete nan peyi a, kòm konplis, kòm zonbi, paske yo aksepte viv nan kondisyon difisil sa a. Lè yon frè nou ak sè nou viktim de yon krim Ayiti oubyen aletranje, nou dwe sipòte li. Olye n ap chache fè yo wont, ann ede yo pito. Chak sa nou di, chak aksyon nou fè, ka gen yon enpak pozitif oubyen negatif sou lavi ak byennèt lòt Ayisyen parèy nou. Nou tout konnen deja majorite bandi, vòlò, kadejakè, kidnapè, dilapidè, blofè, asasen, ki ap mache fè krim adwat agoch yo, nan peyi a. Menm si Lajistis avèg jodi a, listwa, yon jou, ap konn ki moun pou l jije kòm koupab ou konplis nan kraze Ayiti.
Rodelyn Almazor
Kilti ak Sosyete
Ekriven & Poèt

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

Selebrasyon Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn, 3 avril 

Fanm Deside lanse yon espas dyalòg feminis nan depatman Sidès la.  Fanm Deside wete...

Haïti, le pays qui patauge dans le sous-développement

Le développement d’un pays est un enjeu crucial pour améliorer la qualité de vie...