HomeActualitéNouvèl kout an kreyòl

Nouvèl kout an kreyòl

Published on

Archives

Lekòl prive yo menase pou yo pa ouvè pòt yo

Regwoupman Nasyonal Lekòl Prive Dayiti menase pou bloke reyouvèti lekòl la ki gen pou fèt nan 2 semenn ankò (10 dawout). Desizyon sa a gen pou pran fòs, akòz pwomès pouvwa a te fè e li pa kenbe. Mesye pouvwa mantè sa yo te pwomèt yon sipò ak pwofesè yo. «Si anseyan yo pa jwenn sibvansyon prezidan Jovenel Moïse te pwomèt yo nan fen mwa mas la, lekòl la pa p ouvè ». Se sa Antoine Pierre Alaince, kowodonatè Regwoupman Nasyonal Lekòl prive yo, deklare.

 Federasyon Bawo Dayiti atake dekrè a

Madi 28 jiyè 2020, Mèt Jacques Letang, ki se prezidan Federasyon Bawo Dayiti, fè konnen Federasyon Bawo Dayiti ap prepare li pou atake dekrè prezidansyèl pou enkonstitisyonalite, devan Lakou Kasasyon, pa vwa deksepsyon, e mande prezidan Jovenel Moïse pou li rantre dekrè li pran, nan vyolasyon konstitisyon an.

 Konpè Filo, yon gwo mapou tonbe

Anthony Pascal, alyas Konpè Filo, yon gwo potorik gason nan laprès ayisyen, mouri vandredi 31 jiyè 2020 an, nan yon anbilans, pandan yo t ap kouri mennen misye lopital Mibalè (Depatman Sant). Animatè vedèt emisyon «Kalfou» nan Radyo Tele Ginen an, mouri apre li te santi yon ti malèz. Yo te kouri avè l lopital men li pa retounen lakay li. Li mouri. Lanmò sa a lage tout zanmi kamarad nan peyi a nan latristès, nan gwo lapenn. Gwo potorik gason sa a rete, jiskaske li mouri, youn nan jounalis ayisyen ki pa vann tèt li ni diyite li. Jounalis angaje depi plis pase 50 lane karyè, Anthony Pascal te jwenn ti non «Konpè Filo» a, kòm aktè nan pyès Teyat. Kòm jounalis angaje, Konpè Filo ta pral goute legzil, nan lane 1980, lè rejim diktati Duvalier te arete yon pil ak yon pakèt jounalis, pami yo : Anthony Pascal alyas «Konpè Filo».

 Jovenel Moïse kidnape byen SOGENER yo

Prezidan jovenel Moïse, nèg ki fè tèt li pase kòm sèl moun ki gen tout pouvwa nan peyi Dayiti, apre Papa Bondye, mete men sou tout byen SOGENER ak fanmi Dimitri Vorbes. Nan jou jedi 27 jiyè 2020, lapolis ak jij depè debake nan lokal syèj sosyal konpayi SOGENER ki sou wout Ayewopò, pou fèmen li. Nan menm jou a, yo debake kay Réginald Vorbe Fils, Jean-Marie Vorbe, Albert Edouard Dimitri Vorbe, Agnès Elisabeth Débrosse, e yo poze sele sou yo. Bagay sa a rive fèt sou lòd yon jij ekip ki sou pouvwa, ki rele Mathieu Chanlatte, ki nan tribinal Premye enstans Pòtoprens, apre yon lòt plent avoka Jovenel yo te al depoze kont moun sa yo.

 Etat dijans la fini

San okenn bilan ni rapò, Gouvènman defakto a deklare Eta dijans la fini, nan dat 20 jiyè 2020 an. Mesye yo pase plis ke 4 mwa ap volè ak gaspiye lajan Leta, san yo pa regle anyen serye. Depi nan dat 23 mas la, lè mesye sou pouvwa yo te fè konnen yo dekouvri yon ka kowonaviris la, yo te lanse Eta dijans, yon fason pou te fè lajan ak piye peyi pi byen, san pwoblèm. Pouvwa malfra sa a te debloke plizyè milyon dola ameriken pou achte materyèl ak repare lopital ak sant sante. Jiskaprezan, pa menm gen yon sant sante ki repare, tout materyel yo ki te achte pou plizyè milyon dola yo, nou pa jwenn tras yo. Pèp la nan salte, grangou nan kò li, lamizè ak ensekirite nan kò li, epi pouvwa anplas la kontinye ap vòlè sou do li.

Jakmèl: madanm Amine Brun Zenny, asasinen

Nan lanwit jedi pou louvri vandredi 30 jiyè, bandi sanfwa ni lwa, vakabon malfra, asasinen madanm Amine Brun Zenny, anndan lakay li. Aje 82 lane, Amine Brun Zenny, se yon notab nan vil Jakmèl, avokat, edikatris, e li se te ansyenn direktris Lise Célie Lamour nan vil Jakmèl. Bandi yo antre anndan lakay li, yo volè tout bagay. Apre, yo touye li avan yo ale. Ansyen senatè Edwin Zenny mete 5 milyon goud pou tout moun ki ta pèmèt yo jwenn asasen ki touye matant li an.

Anpil mariwana sezi

Samdi premye dawout la, ajan polis ki sou fwontyè a sezi 56 kilogram mariwana, 340 bal ak 10 pakè sigarèt ki te soti Ayiti. Mesye mafya ayisyen t ap eseye fè machandiz sa yo pase sou do chwal. Men devan entèvansyon solda dominiken yo, mesye mafya yo pete kouri, yo kite tout bagay.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...