HomeActualitéKowonaviris: yon patoloji biznis

Kowonaviris: yon patoloji biznis

Archives

Li klè, depi lè pandemi viris kowona a ap fè raj nan tout kat kwen kadino monn lan, majorite gouvèneman nan tèt peyi yo pran yon seri mezi sanitè, ekonomik ak sosyal pou anpeche popilasyon yo a enfekte. An Ayiti, rejim an plas la, ak baton fòfè l, pran tout mas la an otaj andedan lakay yo, de bwa balanse. Pri tout pwodui monte disèt wotè, nan tout gwo magasen ak makèt. Se grangou sèlman k ap fè zak sou sajès moun yo. Douvan bann kowonaviris la, èske limanite pa ta dwe sèl larèn pou taye banda? ki rezondèt Leta, si li kontinye ap gade byennèt nan miwa aristokrasi?

Depi sou tan ti konkonm t ap goumen ak berejèn, lavi te toujou yon rèv ki dwe palpab, kidonk se pa nan somèy pou anvi nou rive fè pitit. Tankou kanmarad Gabynho renmen di: «viv dwe eksitan». Tout sa, se yon ansanm eleman kle, pou mennen nou al founi je nan listwa ki se miwa sivilasyonèl tout pèp. Alòs, nan entèval 6yèm, 8yèm syèk pou rive 20yèm syèk yo, lè epidemi lapès ak tout lòt yo t ap ravaje monn lan, èske Leta ak boujwazi peyi ki te pran frap sa a yo te pwofite de pèp yo a?

Malgre depi byen lontan, grann pisans yo enskri tèt yo anndan yon dinamik batay pou ejemoni ekonomik ak politik nan monn lan, sa pa anpeche, lè jan deriv pandemi sa yo pwodui, Leta ak tout sektè prive nan peyi devlope yo, toujou jwenn yon antant pou jere lavi kotidyen pèp yo a, nan lide pou pwoteje nasyon yo kont enfliyans sistemik lòt fòm gouvènans Leta, epi kenbe yon estabilite pou lavni. Pa rapò ak fason gouvènman ayisyen an ap trete moun lakay li, èske se yon zak konsyan?

M raple m istwa Tiliyo, nan yon vil bon konprann nou tout ka sonje! Tankou Manno Chalmay ilistre l: «yon Leta pòv nan yon peyi rich». Tiliyo se yon pòv ki t ap pouse bourèt lavi l. Nan mande chak jou, misye te fè kansè nan pye. Se konsa, nan mank laswenyay, pye a te vin enfekte. Li t ap voye move lodè. Anpil moun te pè pase kote Tiliyo ye. Konsa, yon lè, yon gwoup mè katolik nan zile a, vin fè yon maraton pou voye Tiliyo al opere, pou medsen te ka koupe pye a pou li, anvan pita vin pi tris. Mezanmi, pa mande m kont. Tiliyo pran kòb li, li tchuipe demach mè yo. Tiliyo prefere viv ak kansè a nan pye l, pou l ka fè plis lajan. Akoz sa, yo vin konnen Tiliyo kòm pi gwo mandyan nan bouk la. Kidonk, jan Leta nan peyi dAyiti antann yo, pou yo tòtòt pèp la, pou yo fè bè yo nan mizè moun yo, èske nou pa ka di Leta sa a, se yon Leta Tiliyo? Èske mizè sa a, jan Leta ayisyen ap pwofite de popilasyon an, èske sa pa ka menen l nan disparisyon l, lè nou rive wè jan mas yo ap manniganse yo sou tout sa k konsène lavi yo jodi a?

Alaverite, si m pa twonpe m, mwen ret kwè tan an ap di kichòy, sou fèy tabak rès koze a!

Ekriven, Powèt Valbrun Frantzley (Konpè konsèy)

Jounalis, etidyan an dwa

valfrantz@yahoo.com

Popular articles

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Le déploiement de la force Kenyane en discussion 

La ministre de la justice et de la sécurité publique, Emmelie Prophète, a représenté...

Tout cela n’est que pour un temps…

Il arrivera un moment où tout ceci sera derrière nous.  Quand exactement, je ne...

Le juge de paix de Carrefour, Jean Frantz Ducasse : kidnappé

Les cas de kidnapping se multiplient dans la zone métropolitaine de Port-au-Prince, ces derniers...

Latest News

Adesina critique les prêts opaques liés aux ressources de l’Afrique

Akinwumi Adesina, président de la Banque africaine de développement à Lagos (Nigeria),  Le directeur de...

Kreyol

Guy Philippe swete bay chèf gang yo amnisti Mwen pa gen « okenn » relasyon ak gang...

Newsreel

In an article that appeared earlier this morning on the BBC, Prime Minister Ariel...
Exit mobile version