HomeActualitéAyiti: Nouvèl an kreyòl - 29 Jiyè a 4 Out 2020

Ayiti: Nouvèl an kreyòl – 29 Jiyè a 4 Out 2020

Published on

Archives

Yon fanm ansent 9 mwa mouri anba bal

Bandi pa sispann fè fanmi kriye nan komin Site-Solèy, youn nan pi gwo bidonvil ki genyen an Ayiti. Dimanch 26 jiyè, yon madanm, ki gen 9 mwa ansent, tonbe anba bal bandi nan Site a, akòz malfra ki pa sispann tire kout zam, depi kèk mwa, pou kontwole katye sa a. Madanm ansent sa a te pran yon bal nan tèt li e li mouri menm kote a.

Yon jenn gason mouri anba kout kouto

Vandredi 24 jiyè 2020, nan lokalite Nan Site ki nan Jeremi (Grandans), yon jenn gason mouri apre li te fin pran yon kout kouto anba men yon lòt ti jenn gason parèy li. Ensidan sa a rive apre yon ti pale anpil ki te genyen ant 2 jenn yo. Lè yo kouri ak li lopital Saint Antoine ki nan Jeremi, ti jenn sa a pat vire kite lopital la vivan.

2e vil peyi a anba fatra

Vil Okap-Ayisyen anba fatra. Popilasyon an pa ka sikile nan gran vil sa. Administrasyon kominal nan vil Okap-Ayisyen deklare yo pa kapab leve fatra nan vil la, pou kounye la a, paske yo pa gen yon ti gout gaz nan sèvis vwari meri a. Otorite yo di yo pa gen gaz, kidonk, yo pa p kapab nan leve fatra.

Blofè: Bèdeyèn pral gen kouran

Ansyen depite Bonbadopolis/Bèdeyèn (depatman Nòdwès) lan, Jean-Michel Moïse ki sòti nan pati «Federalis», deklare ke vil Bèdeyèn pral gen kouran. Misye pa pè ni krent pou l ap di li remèsye prezidan Jovenel Moïse, pou pwojè elektrifikasyon Sant Vil la ke li te propoze li. Travay sa a ap antre an aplikasyon apati de 30 jiyè sa a.

Yon nouvo DG nan TPTC

Jovenel Moïse pa sispann nonmen zanmi li yo, nan bwat Leta yo. Se konsa, nan jounal ofisyèl Le Moniteur nimewo 122 ki gen dat 24 jiyè 2020, Jovenel Moïse nonmen sitwayen Edouard Wilson kòm Direktè Jeneral Ministè Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon. Misye ranplase, nan pòs sa a, Vilma Max André.

Mathieu Vil ak Avrius Jean, anba kòd

Ajan BLTS yo mete anba kòd, pou dwòg, Mathieu Vil ak Avrius Jean, nan jou lendi 26 jiyè 2020 an, nan komin Fon Parizyen. Operasyon sa a te fèt nan Malpas, apre yon detachman BLTS (Brigad kont Trafik Dwòg) te debake nan zòn nan epi yo mare 2 mesye sa yo ak 31 gram kokayin nan men yo, ke yo sezi.

Anviwonman an ap depafini

Anviwonman peyi Dayiti pa sispann ap degrade, chak jou Bondye mete. Otorite yo pa regle anyen pou bloke pwoblèm sa a. Nan sans sa a, Ministè Anviwonman fè konnen l ap pote api li bay tout inisyativ sosyete sivil la pran, nan lide pou pwoteje anviwonman peyi a. Ministè a deklare yo mete, atravè Sant Jèmoplasm ak Pwopagasyon Vejetal ministè Anviwonman an, divès varyete plantil e yo mete yo a dispozisyon òganizasyon nan sosyete sivil yo, pou fè aktivite ki vize pwoteksyon anviwonman an.

Bòn Fèt òkès Septan

1948-2020, sa fè òkès Septan 72 lane, depi l ap fè pèp ayisyen an danse. Nan okazyon sa a, tout fanatik gwoup sa a, kit sa ki aletranje tankou sila yo ki an Ayiti, pa sispann swete bòn fèt ak tout mizisyen, manm estaf gwoup Septan an, nan tout rakwen peyi a.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Le dilemme dans la crise haïtienne 

" Un projet colonial, face à un projet national : l'impérialisme contre le nationalisme."Depuis les...

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Latest News

Présidentielle au Sénégal : Diomaye Faye élu dès le 1er tour

Au Sénégal, Bassirou Diomaye Diakhar Faye est donné vainqueur de la présidentielle déroulée dimanche....

Newsreel

Two weeks after interim Prime Minster Ariel Henry has been forced to resign his...

Que dit la Loi?

Du Conseil Présidentiel Il n'existe pour le moment, aucune solution constitutionnelle pour le problème d'Haïti. ...