HomeActualitéNouvèl an kreyòl - 22-29 Jiyè 2020

Nouvèl an kreyòl – 22-29 Jiyè 2020

Archives

Dife nan meri Gwo Mòn

Depi kèk jou, gwo batay pete ant patizan PHTK yo, pou kontwole katèl meri yo nan tout komin peyi Dayiti. Depi piblikasyon arete prezidansyèl, ki ranplase manm katèl manda yo fini epi rekondwi kèk lòt, te sòti non jounal ofisyèl Le Moniteur, sitou sila yo ki t ap fè tyoul pouvwa a, batay pete ant militan PHTK yo ak otorite an plas yo, pou pran kontwòl katèl yo. Se konsa, nan Komin Gwo Mòn (Latibonit), mesye PHTK yo mete dife nan 2 kamyon nan meri a, ki te la pou ranmase fatra. Kamyon sa yo boule rapyetè, e mesye sa yo sakaje lokal la tou, nan jou mèkredi 15 jiyè 2020 an. Sitiyasyon sa a ap devlope nan plizyè komin nan peyi a, kote militan PHTK yo vle se yo ki pou gen kontwòl katèl meri yo. Se konsa, nan komin Taba, bandi PHTK ame, tire kout zam, bloke wout, mete dife pou anpeche merès Taba a, ki se Nice Simon, rantre nan meri a. Se menm aksyon an nan komin Gresye, kote militan grav sa yo ap bloke, tanzantan, wout nasyonal nimewo 2 a, pou yo di yo pa dakò pou chef yo, Jovenel, rekondwi menm katèl la.

Pwoblèm gaz pi rèd

Pwoblèm gaz retounen pi rèd ankò nan peyi a. Se gwo monte desann pou yon chofè jwenn yon ti losyè gaz nan yon ponp. Pandan blakawout ak chalè ap taye banda, popilasyon an nan gwo kouri pou li jwenn yon ti losyè gaz pou li fonksyone. Politik galon jòn lan retounen ankò. Se liy men longè, nan ponp ki gen yon ti losyè gaz, chofè moto ak chofè machin sètoblije ap fè.

Jovenel Moïse vòlè tè Mèt Reynold Georges

Konseye jiridik Jovenel Moïse, Mèt Reynold Georges, lage pouvwva a, paske Jovenel vòlè tè li. Vandredi 17 jiyè, Reynold Georges te fè chèf sanginè ki nan Palè Nasyonal la, Jovenel Moïse, jwenn lèt demisyon li. Li deside tounen do bay sanginè, kriminèl, sansi k ap souse san pèp la. Mèt Georges, nan kad lapawòl li pran nan plizyè radyo nan peyi a, pa mete dlo nan bouch li pou li di kòman mesye PHTK sa yo vòlè, malen ak magouyè, sitou towo nan Palè Nasyonal la ki rele Jovenel Moïse la.

 Yon polisye mouri anba bal bandi

Bandi ame touye yon polisye UDMO nan Delma 32, jou ki vandredi 17 jiyè 2020 an. Ensidan sa a rive nan lokalite «Gran Lakou». Polisye sa a te nan machin prive li, lè bandi yo debake e vide bal sou li. Polisye sa a, ke yo konnen sou non Bato, te sòti nan 21yèm pwomosyon lapolis. Li mouri san bat, alòske yon lòt konfrè ki te avèk li, blese e yo kouri avè l nan lopital. Anpil moun nan zòn lan, fè konnen ke zak sa a, sanble tèt koupe ak yon règleman kont.

 Blakawout ap taye banda

Depi kèk jou, nan plizyè katye nan kapital la, Pòtoprens, zafè kouran an, sa pa egziste menm. Blakawout la ap taye banda nan katye sa yo. Gen katye ki gen plis ke yon mwa yo pa janmm wè sa ki rele kouran an. Fè nwa toupatou, ensekirite ap mache, bandi ap layite, pouvwa a kontinye ap betize pèp la, nan bay manti. Pouvwa a chita ap fè fo pwomès y ap bay kouran 24 sou 24, alòske se blakawout 24 sou 24 nou jwenn. Yon peyi pa p kapab mache byen, si pa gen jistis sosyal.

2 Meksiken kondane pou pase 5 lane nan prizon

Vargas Florès Andrès ak Avila Juan Jose, se non 2 Meksiken ki jwenn kondanasyon yo an Ayiti pou afè dwòg. 2 resòtisan sa yo gen pou peye tou, yo chak, 2 milyon goud domaj. Vargas Florès Andrès ak Avila Juan Jose rekonèt yo koupab nan afè dwòg e yo jwenn kondanasyon yo nan tribinal lajistis nan vil Okay (depatman Sid).

Emmanuel Saintus

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...
Exit mobile version