HomeActualitéNouvèl an kreyòl - 15 a 21 Jiyè 2020

Nouvèl an kreyòl – 15 a 21 Jiyè 2020

Published on

Archives

Yon bebe 8 mwa mouri anba bal bandi

Yon bebe 8 mwa tonbe anba bal bandi nan Site-Solèy. Krim sa a rive nan katye Brooklyn, kote bandi nan Katye Belekou, sou zòd chef bandi Iscar, tire kout zam sou popilasyon nan katye Brooklyn, e ti bebe 8 mwa a pran yon bal anndan lakay li. Bal la antre nan yon zorèy li e sòti nan kou li. Li mouri nan menm moman an.

Lapolis pete kouri devan G-9 la

Gen yon pwovèb ki di: «Dan pouri toujou gen fòs sou bannann mi». Moun k ap pran pòz gwo ponyèt pa janm kanpe devan yon gwo ponyèt parèy li. Se konsa mesye polisye ayisyen yo ye. Yo toujou devan pou ale kraze manifestasyon pasifik, alòske, lè gwo bandi pran lari, ak gwo zam, ap manifeste san mande otorizasyon, tout polisye bat ba. Yo pete kouri, genyen menm ki rantre anndan machin polis e femen pòt la byen di. Lapolis fè kòmsi li pa wè li pa tande, lè se mesye G-9 yo ki nan lari a ap manifeste. Men lè se pèp k ap manifeste pou mande pou lavichè a bese, pou bloke ensekirite a, pou bagay yo chanje, pou Jovenel bay talon li, Lapolis sou de pye militè li. Je li louvri, li wè e li p ap kite sa pase. Li debake, vide gaz ak bal sou ti mas pèp la. Men sa ki misyon Lapolis la, ki se: « pwoteje ak sèvi», se pwoteje bandi, gwo towo yo kont ti mas pèp ki san defans. Se yon group lach ki sanwont anpil e san karaktè. Lapolis ap aji kont moun ki pi fèb yo, san defans, alòske, moun ki gen mwayen nan men yo, lapolis pè yo kou chat. Bravo Lapolis.

 

Lucmane Délille, revoke

Gen anpil pwovèb ayisyen, si otorite ann Ayiti te konprann yo, yo pa t ap bat kò yo konsa, lè yo sou pouvwa. Gen yon pwovèb kreyòl ki di: «Pa lonje men w kote bra w pa kapab rive». Gen yon lòt ki di: «Pa pete piwo pase deyè w». Misye Lucmane Delille te konprann se li ki sèl kòk chante nan peyi a. Kòm minis Lenjistis, l ap arete militan san gade dèyè, l ap fè kraze manifestasyon san rete, l ap mache bay lidè politik presyon, l ap akize, trete moun de teworis, jan l vle. Lucmane Delille te vle parèt plis sèvitè Jovenel Moïse, menm plis pase chef pati PHTK a. Ebyen, nan jou jedi 9 jiyè 2020 an, pandan li te sòti nan repo Ozetazini, Jovenel Moïse ak Joseph Jouthe mete do misye atè: yo revoke li. Nan yon konferans pou laprès, jedi 9 jiyè 2020, Lucmane Delille frape lestomak li byen fò pou deklare ke se paske li pa t la ki fè gang ame yo te pran lari e anyen pa t rive yo. Li di ke rekreyasyon an fini e li ba yo defi pou fè sa yo te fè a ankò. Misye te akize premye minis la ak prezidan an pou mande yo koman fè yo te la epi yo kite gang yo pran lari konsa. Misye te bliye ke gang yo gen pouvwa avèk yo. Ebyen, pou frekan sa a, Jovenel ak Jouthe revoke misye pou li pa manke dega ankò ak group ame pouvwa a.

 

Zen pete nan ED’H

Mèkredi 8 jiyè 2020 an, anplwaye nan Ed’H sou Bisantnè a, bloke wout la, boule kawotchou, fèmen baryè pou di yo pa vle nouvo direktè Jovenel Moïse nonmen a ki se mesye Michel Presumé. Anplwaye ED’H yo fè konnen yo pa vle Michel Presumé kòm direktè bwat la, paske ED’H pa pou vann e misye pa yon teknisyen. Michel Presumé te fè pati komisyon ki t ap privatize bwat Leta yo e fè depa fòse nan tout bwat Leta yo. Anplwaye yo deklare mesye sa a pa gen kapasite pou kondwi ED’H, sitou lè y ap sonje zak pase li te fè nan TELEKO. Depi li nan tèt yon enstitisyon, se likide, vann li vini vann. Pou anplwaye yo, mesye sa a pa gen okenn ekspètiz nan ED’H. Se jis yon moun yo voye pou vann bwat la.

 

Jij yo negosye ak pouvwa a

Tribinal yo reprann travay, apre plizyè mwa yo te fèmen, akòz grèv majistra yo. Majistra yo te kanpe travay, nan tout jiridiksyon ki gen nan peyi a, pou te mande pi bon kondisyon pou yo travay ak bonjan pwoteksyon. Men, apre anpil monte desann pale anpil, mesye majistra sa yo jwenn yon antant anba chal ak pouvwa a pou reprann travay.

 

Asasen an pote tèt li bay Lapolis

Robert Harry Bretous, ki se moun Lapolis te sispèk ki touye 2 jenn dansè yo epi mete dife sou kò yo, te pote tèt li bay Lapolis, mèkredi 8 jiyè 2020 an. Nancy Dorléans ( 25 lane) ak Sébastien Petit (20 lane), se 2 jenn atis ki jwenn lanmò yo pandan yo te ale patisipe nan yon repetisyon pou yo t al danse nan espektak ke atis Misty Jean ta prale fè nan 2 jiyè pase a. Apre kèk jou san nouvèl yo, Lapolis Nasyonal Dayiti ta pral jwenn kò yo boule nan komin Taba. Apre ankèt, lapolis ta pral lanse yon avi deyè Robert Harry Bretous kòm moun ki ta touye 2 jenn atis yo. Kèk jou apre, misye rann tèt li bay Lapolis nan sou-komisarya ki Tomasen an. Pou kounye a, misye ap reponn kesyon nan DCPJ.

 

Zile Kayimit vin tounen komin

Nan nimewo espesyal Jounal ofisyel Le Moniteur #14 ki pibliye nan dat madi 7 jiyè a, prezidan Jovenel Moïse monte nan ran komin, Zile Kayimit. Anvan sa, Zile Kayimit te nan komin Pestel e li te plase kom 6e seksyon kominal komin sa a ki nan depatman Lagrandans. Zile Kayimit sitiye l nan sid Gòlf Lagonav a 35 kilomèt a lèst Jeremi ki nan depatman Lagrandans. Pou kounye a, Zile Kayimit nan awondisman Koray.

Dekrè: Jinekològ yo rele anmwey

Jinekològ ayisyen yo rele anmwey pou dekrè Jovenel Moïse la ki di ti moun nan laj 15 lane kapab nan relasyon seksyèl. Jinekològ yo fè konnen dekrè sa a pral lakòz plis ti moun tonbe nan fè pitit, san lè yo poko rive.

Madan Colombe retounen pirèd

Ansyenn minis touris la, Madan Colombe Émile Jessy Menos, nonmen minis delege, bò kote premye minis, chaje pou afè dwa moun ak lit kont povrete. Nominasyon sa a fèt nan yon arete prezidansyèl ki date madi 8 jiyè 2020 an.

Jovenel pran kontwòl 141 komin nan peyi a

Pa di nou pa t konnen Jovenel Moïse mete anba men li 141 komin nan peyi a, kote se li menm ki nonmen pwòp katèl enterimè li, kote li plase moun pa li ki sou zòd li. Mesye PHTK yo sòti grif yo pou kontwole tout bagay nan peyi a. Batay menm eklate ant yo, pou se yo menm ki bay pwòp ti zanmi yo pou kabap volè ak piye Leta pi byen toujou. Se sa k lakòz wout ap bloke nan plizyè komin nan peyi a, paske batay pete nan mitan rat PHTK yo, pou gen kontwòl tout komin yo.

Emmanuel Saintus

Popular articles

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Latest News

Newsreel

News coming from the nations leaders last week offered some hope that things will...

Frankétienne : Un nom qui sonne comme une insolence

Né le 12 Avril 1936 à Ravine Sèche dans le département de l’Artibonite, Jean-Pierre...

La reddition de compte, ultimement, est personnelle : avis en est donné aux concernés

Je sais que la politique est une lutte idéologique qui s’exprime de toute sorte...