HomeActualitéNouvèl an kreyòl

Nouvèl an kreyòl

Published on

Archives

Okès Septantriyonal gen lanmò

Mèkredi 24 jyen, François Nikol Levy, ki se mizisyen jazz, konpozitè, pwofesè mizik, direktè mizikal òkès Septantriyonal, mouri nan lopital Bernard Mevs. Li te gen 73 lane. François Nikol Levy te rantre lopital depi yon semenn, akòz yon aksidan serebro vaskilè, li te retounen vin mouri nan lopital la. Minis Kilti a, Pradel Henriquez, eksprime doulè ak tristès li, e li di li koube li byen ba devan kadav potorik gason sa a. Pradel fè konnen ke ministè a p ap janm bliye gwo towo gason sa a pou travay li fè nan peyi a, sitou nan vil Okap Ayisyen.

 Otorite yo vle ouvri Ayewopò a

Nan yon lèt ki ale jwenn Irving Mehu, direktè Otorite Ayewopò Nasyonal la, nan jou jeudi 24 jyen an, minis Travo Piblik ak Transpò a, Nader Joiséus, fè konnen li konfime dat ofisyèl reouvèti Ayewopò Toussaint Louverture a, ki se 30 jyen 2020. Desizyon sa a pran apre yon vizit Jovenel Moïse te fini fè nan Ayewopò a, nan jou ki te lendi 21 jyen an, kote misye te mande pou Ayewopò a relouvri nan dat 30 jyen k ap vini la a. Pèsonn pa konnen poukisa mache prese sa a bò kote pouvwa an plas la, pou relouvri Ayewopò a, men n ap raple ke komisyon milti sektoryèl la pa bay pawòl li sou desizyon sa a.

 Pakè Pòtoprens nan grèv

Pakè Potoprens te kanpe travay nan jou jedi 25 ak vandredi 26 jen 2020, pou di ke yo pa dakò ak zak asasinay ki te fèt sou Sibstiti Komisè gouvèneman, Mèt Fritz Gérald, nan jou ki te vandredi 19 jyen an. N ap raple ke Sibstiti Komisè Gouvènman an, Mèt Fritz Gérald Cérisier, te tonbe anba bal bandi ame nan zòn Ansyen Achiv Nasyonal la, sou Bèlè.

 Lapolis nan Sid fè 144 arestasyon

144 moun jwenn arestasyon yo nan depatman Sid la, pandan plizyè operasyon lapolis mennen nan dat 13 me pou rive 24 jyen. Moun sa yo akize pou omisid, asasina, tantativ asasina, vòl, vyòl, asosyasyon malfektè ak trafik dwòg.

 Komisyon pou bay manti, blofe moun

Mèkredi 24 jyen 2020, nan Palè Nasyonal, prezidan Jovenl Moïse akonpaye ak premye minis Jouthe Joseph, Gouvènè Bank Santral ak kèk gwo palto nan administrasyon Leta a, te fè enstalasyon yon komisyon prezidansyèl sou Strateji enklizyon finansyè. Komisyon sa a gen pou misyon pou kowòdone echanj ak aksyon ant aktè nan sektè prive ak sektè piblik la, pou kapab fasilite enklizyon finansyè an Ayiti.

 

Ayiti anba pousyè sab

Abner Septembre, minis Anviwonman, mande popilasyon an, pandan yon konferans pou laprès, mèkredi 24 jyen an, pou li pran anpil prekosyon pandan pasaj pousyè sab la sou peyi a. fenomèm sa a parèt sou peyi a, depi jou lendi 21 jyen an, kote li mache tou ak yon chalè ki pa piti. Nan sans sa a, otorite yo mande popilasyon an pou pran prekosyon nan moman an, paske fenomèn sa a pote anpil mikwo òganis ak meto lou ki kapab fatal pou sante moun.

 

 Vyòl nan Pak Endistriyèl Caracol

Premye minis Joseph Jouthe fè konnen ke li tande ke gen ouvriyèz nan Pak Endistriyèl Caracol ke yo ta vyole. Nan sans sa a, li di li pase lòd bay Minis Kondisyon Fanm lan, pou ale mennen yon ankèt, prese prese, pou konnen kisa bagay sa ye, e pran bonjan mezi kont moun ki enplike nan bagay sa a.

 

Inogirasyon yon Bibliyotèk nan Taba

Jedi 25 jyen 2020 an, otorite lokal nan komin Taba inogire yon bibliyotèk ki pote non «Bibliyotèk Nasyonal Taba». Jean Emmanuel Jacquet, Direktè Jeneral Direksyon Nasyonal Liv, ak Dangelo Néard, Direktè Jeneral Bibliyotèk Nasyonal la, te patisipe nan aktivite sa a e se yo menm ki te reprezante minis Lakilti a, Pradel Henriquez.

 

7 moun mouri anba bal nan Komin Gantye

Depòte ap touye moun. Jedi 25 jyen an, yon depòte ki t ap tante vòlè yon machin, dapre kèk moun nan zòn nan, touye, pou piti, 6 moun e blese 3 lòt ak bal. Atak sa a rive nan Komin Gantye (ki nan depatman Lwès) kote depòte sa a te pran yon zam ki te nan machin lan, li tonbe tire sou tout moun k ap pase. 6 moun pran bal. Youn mouri sou plas; 3 lòt blese; yo mennen youn lopital. Lapolis te rive kaptire brigan an men popilasyon an te pran misye. Yo bat li byen bat, yo rache li ak manchèt epi mete dife sou li.

 

Sendika Lapolis gen yon lòt chèf

Apre demisyon Yanick Joseph ki te Kowòdonatris jeneral sendika Lapolis nasyonal Dayiti (SPNH 17), kounye a, se Enspektè Jean Edner Lundi, k ap jwe wòl sa a, nan tèt sendika a. Jean Edner Lundi te enstale kòm nouvo kowòdonatè sendika polis la, nan jou jedi 25 jyen an. Nan yon ti kout la pawòl misye te pran, li fè konnen li pral batay pou respè dwa chak ajan nan lapolis la. Pandan setan n ap raple ke ajan polis ki te resewva tout materyèl Yanick Joseph te ale remèt, apre demisyon li an nan lapolis la, otorite nan lapolis yo pran sanksyon kont li tou.

Emmanuel Saintus

 

Popular articles

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

La CARICOM recrute 7 nouveaux acteurs haïtiens pour pour une  débauche présidentielle  inédite

Cette organisation qui n’a jamais supporté Haïti dans sa lutte contre ses ennemis internes...

Le dilemme dans la crise haïtienne 

" Un projet colonial, face à un projet national : l'impérialisme contre le nationalisme."Depuis les...

CARICOM – Haïti :  Le jugement du cochon 

J’assume que vous avez lu quelque part la fable du Corbeau et du Rossignol. ...

Latest News

Présidentielle au Sénégal : Diomaye Faye élu dès le 1er tour

Au Sénégal, Bassirou Diomaye Diakhar Faye est donné vainqueur de la présidentielle déroulée dimanche....

Newsreel

Two weeks after interim Prime Minster Ariel Henry has been forced to resign his...

Que dit la Loi?

Du Conseil Présidentiel Il n'existe pour le moment, aucune solution constitutionnelle pour le problème d'Haïti. ...