HomeActualitéZafè sitwayènte nan Resansman

Zafè sitwayènte nan Resansman

Published on

Archives

Julie Menin ak Bitta Mostofi*

 

Nan dat 23 avril, Lakou Siprèm Etazini te tande agiman oral Depatman Komès Etazini kont New York, ke yo plis rele “Zafè sitwayènte nan Resansman” (Census citizenship case) lan.

Vil New York, ansanm ak Pwokirè Jeneral Eta New York la ak plizyè lòt Eta ak vil, se yon pleyan nan zafè a — epi se pou yon rezon valab. Pwoblèm santral la nan zafè sa a ta ka anpeche kominote moun koulè ak imigran nan New York ke yo deja manke konte, jwenn reprezantasyon yo merite, epi li ta ka lakòz New York pèdi pati pa li nan plizyè milya dola finansman federal pou pwogram ak sèvis ki enpòtan anpil, ankontan lojman piblik, nitrisyon timoun ak bezwen nan edikasyon espesyal.

Zafè a santre sou yon kesyon Administrasyon Trump lan ajoute nan Resansman 2020 an (ke yo pa mande depi 1950): Èske ou se yon sitwayen Ameriken? Ajoutman sa se yon lòt egzanp ankò pou lagè Administrasyon Trump lan ap mennen kont kominote imigran yo. Nan yon pakèt okazyon, Administrasyon an te eseye minen kominote moun koulè yo, fèmen bouch kominote imigran yo, epi fè Etazini tounen yon peyi esklizyon olye enklizyon. Nou pa te fè bak nan kòmansman administrasyon sa a, epi nou p ap demisyone kounye a.

Lè yo ajoute kesyon sa a, Administrasyon Trump lan ap chèche dekouraje imigran yo patisipe nan Resansman an, sa ki lakòz yo manke konte moun nan anpil nan vil ak Eta nou yo ki plis gen moun ki soti tout kote. Lè yo manke konte moun nan yon vil oswa nan yon Eta, moun ki nan rejyon sa yo pèdi yon reprezantasyon ki jis nan Kongrè a epi yo pèdi pati yo merite nan lajan federal yo.

Yo estime Eta New York ka pèdi jiska de (2) syèj nan Kongrè a, akòz moun yo manke konte. Rezilta sa a ta ka gen anpil chans rive nan lòt Eta yo ki gen gwo kominote imigran oswa kominote moun koulè, ki riske pèdi nan fason demezire pati yo merite nan reprezantasyon.

Tou senpleman: Administrasyon Trump lan ap eseye itilize obligasyon konstitisyonèl gouvènman federal la pou konsidere nou tankou yon zouti pou fè nou mal.

Anplis reprezantasyon, montan finansman federal ki anje a gwo tou nan fason ou pa ta kwè. Gouvènman federal la afekte plis pase $800 milya dola lajan federal chak ane pou vil yo ak Eta yo pou apeprè 320 pwogram diferan ki depann sou Resansman an. Finansman pou edikasyon piblik, bezwen espesyal, fanm ki nan bezwen, sant pou moun aje, ak enfrastrikti depann sou resansman an.

An 2016 sèlman, Eta New York te resevwa plis pase $73 milya dola nan 55 pwogram ki gide ak done resansman 2010 la. Anplis, ajans ak antrepriz vil la konte sou done Resansman yo pou pran desizyon ki enpòtan anpil. Pa egzanp, avèk deklanchman lawoujòl k ap fèt kounye a nan vil la, Depatman Sante Vil New York depann sou done resansman yo pou estime itilizasyon vaksen yo ak pwoteksyon nan kòd postal ki afekte yo.

Alòske gen sitèlman bagay ki anje, sa te bay kouraj nan mwa janvye, lè jij nan Tribinal Distri Etazini Jesse Furman te deside ajoutman kesyon sou sitwayènte Trump Administrasyon an vyole lwa federal. Administrasyon Trump lan te fè apèl kont zafè sa a, epi nan madi, Jij Lakou Siprèm yo te tande agiman New York. Nou kontinye optimis ke fè yo – ak lalwa – anfavè nou.

Nou konnen senpman posiblite pou te gen kesyon sou sitwayènte an te gentan lakòz anpil dega nan mitan kominote imigran yo. Nou di imigran yo nan vil nou an ak tout kominote ki ka ap mande tèt yo kesyon si wi ou non resansman an pou yo: meyè fason pou yo defann tèt yo epi kontrekare laperèz Administrasyon Trump lan vle nou santi a se pou yo ranpli fòm Resansman an.

Ane pwochèn, pou premye fwa depi toutan, fòm lan pral sou entènèt, kifè li pi fasil pou pran kèk minit ki nesesè yo pou ranpli li. Moun ki petèt pa gen aksè nan entènèt ap kapab reponn kesyon yo nan telefòn.

Nou gen yon okazyon la pou di: yo p ap retire dwa nou nan men nou, epi nou gen dwa pou jwenn pati nou merite a – depi nan koulwa yo nan Kongrè pou rive nan koulwa lekòl lokal nou yo.

Nou se Moun Vil New York. Nou pral leve kanpe epi y ap oblije konte nou.

 

* Julie Menin se Direktris Resansman pou Vil New York epi li gen fonksyon tou kòm Konseyè Jiridik Asistant Direksyon pou Strategic Advocacy. Bitta Mostofi se Komisyonè Biwo Majistra a pou Zafè Imigran.

 

 

 

Popular articles

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Instabilite

De l'instabilité sociopolitique dégradante aux ingérences des puissances impérialistes occidentales en Haïti, le peuple...

Mythe ou vérité ? Le peuple haïtien, pour son propre malheur, choisirait-il des bandits comme leaders?

 Les analystes politiques prennent le vilain plaisir de culpabiliser les victimes en guise de...

Un Conseil Présidentiel de 7 membres, à la tête du pays, est-ce pour bientôt?

C’est une démarche boiteuse au mieux, bizarre certainement, mais il fallait bien entreprendre quelque...

Latest News

Volte-face au Togo : nouveau camouflet pour la CEDEAO

La CEDEAO traverse depuis plusieurs mois une mauvaise passe. Une situation aggravée ces derniers...

Newsreel

A week after the list of members of the presidential council was published in...

La marche sera très haute pour le CPT, et les attentes de la population tout aussi élevées …

Jusqu’à la semaine dernière, je n’étais pas encore certain qu’il verrait le jour.  Les...