HomeActualitéEnstalasyon Nouvo D.G PNH la

Enstalasyon Nouvo D.G PNH la

Published on

spot_img

Archives

Finalman Normil  Rameau enstale jounen vandredi 21 jen 2024 la kòm nouvo direktè jeneral a.i  Polis Nasyonal Dayiti.

Li ranplase nan pòs sa Frantz Elbé ki pase prèske 3 lane nan tèt enstitisyon polisyè a. Frantz Elbé trennen dèyèl yon bilan katastwofik pandan pasaj li nan tèt PNH la.

Sou kòmandman Frantz Elbé, plizyè dizèn polisye asasinen, imilye anba men nèg ak zam ki rive detwi divès komisarya ak materyèl enstitisyon an.

Nan kad seremoni Ofisyèl enstalasyon an,  Premye minis Garry Conille, Prezidan konsèy Prezidansyèl tranzisyon an, Edgar Leblanc Fils pwomèt KPT a ak gouvènman an ap mete bonjan mwayen nesesè a dispozisyon PNH la pou pèmèt Nouvo DG a travay pou retabli sekirite nan peyi a. 

Kote Kanon Citadelle yo pase ?

Mouvman Pwen Final ap mande prese prese ak Gouvènman Garry Conille lan pou degaje l kou mèt Jean Jacques pou yo jwenn kote Kanon Citadelle yo pase ke vagabon ak vòlè san fwa ni lwa te sot retire anndan Patrimwann limanite a kise fyète tout pèp nwa sou latè.

Mouvman Pwen Final ap raple ak Premye Minis Garry Conille ke kèk ane pase, yo te boule legliz Milo a kise youn nan pi bèl achitekti ki gen nan kontinan lamerik lan, jouk kounya yo poko repare legliz Milo a.
Jounen jodi a, Bandi menase pou kraze Palè 365 pòt la ki nan Tirivyè latibonit ki se youn nan pi bèl moniman wayom Henry Christophe la te konstwi.

Mouvman Pwen Final ap kontinye pou l di ak Premye Minis Garry Conille,  bagay sa yo ta fè sanble ke gen yon plan pou yo detwi memwa ak listwa peyi a.
Se nan sans sa a, Mouvman Pwen Final mande Gouvènman Garry Conille lan degaje l kou l konnen pou l fè nou jwenn Kanon yo ki se memwa Gè lendepandans Peyi Dayiti.

Mouvman Pwen Final ap mande tou ak lidè Pitit Dessalines lan, Moïse Jean Charles, ki se yon ansyen Senatè ak ansyen Majistra Milo e ki se natif natal Milo tou. Ke si li pa nan vòlè Kanon yo nan Citadelle la pou l mobilize rapid rapid popilasyon Gran Nò a pou yo leve kanpe pou yo mande ” Kote Kanon Citadelle yo pase ?”.

Paske Citadelle la se yon gro Patrimwann pou limanite, Kanon yo se moniman ki valorize Citadelle la ki se fyète tout pèp nwa sou latè.

Mouvman Pwen Final mande tout pèp ayisyen sou latè pou n sèmante ansanm 77 fwa 7 fwa nou pap pèdi kanon yo nan Citadelle la pou pita pa pi tris.

Aya boombe !!!

Savanèt Depatman Sant: yon moun mouri, yon polisye blese, plizyè zam komisarya vòlè

Difanel JEUNE moun komin Savanèt, Depatman Sant mouri anba bal lapolis akoz polisye yo te al arete pou yon telefòn yo di li jwenn ki pèdi, mèt telefòn nan jwenn li nan men li, mèt telefòn nan reklame li epi li pa deside remèt telefòn nan, Mèt telefòn nan pote plent lapolis yal arete li, li pete batay ak polisye yo e li rive resevwa bal bò kou. Se sa plizyè abitan temwen rapòte ak jounal la.

Tousuit aprè lanmò jenn gason an, kèk manb nan popilasyon ki te ankolè te deside al tire revanj sou polisye yo. Polisye yo te kouri chape pou yo kite komisarya pou yo pa t viktim anba kolè kèk manb nan popilasyon an.

Aktyèlman otorite yo fèmen pòt Komisarya Savanèt la aprè polisye yo te kouri kite li.

Responsab sou komisarya ,enspektè Wilner Décamps, ki li menm pat sou plas kote aksyon an pase a, rive pran anpil kou pandan li t ap eseye chape pou l li pou evite li viktim anba menm endividi nan kominote a ki an kòlè ,jiskaske tèt li menm arive pete.

Lòt 2 polisye ki tap tante fè arestasyon an kaval nan raje. Gen plizyè zam ke jenn gason ki te anvayi komisarya a vòlè andedan an.

Nap raple ,Savanèt pa janm gen plis pase 3 polisye pou bay sèvis ak plis pase 42 000 abitan.

Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) di gang Ayiti fòse prèske 600,000 moun kouri kite kay yo

Philippe Branchat, chèf òganizasyon Nasyonzini an Ayiti di «Chif nou wè jodi a se konsekans dirèk ane vyolans sa a k ap ogmante pou rive nan yon nivo ki pi wo pase sa nou te anrejistre an fevriye — ak enpak imanitè katastwofik yo».
«Kriz ki p ap janm sispann an Ayiti ap fòse pi plis moun kouri kite kay yo epi kite tout bagay dèyè. Sa yo se pa desizyon pou nou pran alalejè. E sak pi mal, pou anpil moun, se pa premye fwa ke yo kouri kite kay yo «.

Daprè done OIM pibliye madi 18 pase a, revele Ayiti gen 578,074 moun ki kouri kite kay yo, konpare ak 362,551 nan kòmansman mwa Mas la, pou yon total de plis pase 10 milyon abitan.
Alò nou pako menm rive nan mwatye ane 2024 la, kantite moun ki kouri kite kay yo ane sa a «deja prèske sanble tèt koupe ak kantite moun ki te kouri kite kay yo » pou ane 2023, rapò a mete aksan sou sitiyasyon an ki vin pi grav.

Ogmantasyon sa a gen anpil pou wè ak kantite moun ki te kouri kite Pòtoprens pou al pran refij nan lòt pwovens ki pa nesesèman gen resous pou akeyi yo.
Se konsa, OIM te idantifye prèske 95,000 moun ki kite kapital la ant 8 mas ak 9 avril, sitou pou yo ale nan pwovens Grand Sid peyi , kote deplase yo kounye a reprezante 10% nan popilasyon an.

Ayiti ap soufri anba enstabilite politik kwonik depi plizyè dizèn ane. Men, nan dènye mwa yo, peyi a te oblije fè fas a yon ak yon ogmantason zak vyolans gang, ki kontwole 80% kapital la Pòtoprens.

Nan nivo nasyonal, majorite nan anviwon 600,000 moun ki deplase yo (80%) se fanmi ki akomode, dapre done OIM yo.
Men, se pa sa a nan kapital la ki te wè yon ogmantasyon nan kantite sit enpwovize – sitou lekòl – kote moun ki deplase yo ap viv «nan kondisyon ki pa sanitè».

Kounye a, OIM estime kantite moun ki deplase nan metwopòl Pòtoprens nan prèske a 185,000, yon ogmantasyon de 15% depi kòmansman mwa mas la.

Pwokirè nan lajistis Amerikèn mande pou bay Yonyon prizon avi

Nan yon atik jounal Ameriken Miami Herald pibliye mèkredi 19 jen 2024 la, yo di pèn prokirè nan jistis amerikèn mande pou bay Yonyon yon gwo kidnapè ki t ap feraye nan peyi Ayiti sitou nan Kwadèboukè. Jounal la tou revele yon ansanm deklarasyon Yonyon fè.

Pwokirè yo mande pou bay Yonyon chèf gang 400 Mawozo a prizon avi. Yo fè demann sa a, nan yon rekòmandasyon yo voye bay Jij John D. Bates, avan kondanasyon Germine Joly alyas Yonyon, 24 jen kap vini la. Pwokirè federal yo USA di se prizon avi ansyen Chèf gang 400 mawozo a merite, parapò ak kalite zak li fè an Ayiti.Avoka Yonyon yo konteste rekòmandasyon pwokirè yo, e yo di kliyan yo a ta dwe kondane pou plis pase 17 lane prizon.

Yonyon mande prokirè yo padon pou tout zak li fè yo, eli promèt pou li pa janm fè sa ankò. Pilwen li di li patap renmen pou manman li mouri san li pa wèl pandan li nan prizon an. Li t ap renmen tounen Ayiti pou vin jwenn fanmi li.

Yonyon deklare devan Lajistis amerikèn, Germine Joly alyas Yonyon di, ansyen Senatè Lwès la atravè yon entèmedyè, te voye 5 zam ba li nan lane 2014, pou te ede l nan kad kanpay elektoral li. Yonyon di lè li refize travay pou Senatus, oubyen sipòte kandidati li, ansyen palmantè a, daprè sal rakonte, te monte yon plan kont li. Yon seri akizasyon Jean Renel Senatu voye jete byen lwen, e fè konnen li pa konn Yonyon, li pa konn kote l abite. Ansyen komisè gouvènman an di Miami Herald, li te jwe yon gwo wòl nan arestasyon Yonyon an Ayiti, se pou sa Yonyon t ap menase l ak tout paran l, ki te oblije kite Ganthier

Aprè Yonyon te fin kidnape, touye yon pil Ayisyen, li te rive kidnape tou yon group misyonè Ameriken an Ayiti kote se gwo negosiyasyon ki te pèmèt misyonè sa yo soti anvi.

Pou fè fas ak gwo menas Ayiti ap fè fas, Ministè defans mande lame a kanpe an pozisyon D

Nouvo Minis Defans Ayiti a Jean Marc Berthier Antoine, mande direktè jeneral Ministè a kolonèl Louis Marcelin Daniel pou mande Lyetnan an chèf la Jodel Lesage, pou mete lame Ayiti an pozisyon D. Nan kad evalyasyon twoup yo li mande ak jeneral la pou bay enstwiksyon pou tout sòlda ki an detachman rantre nan baz pou mezi ki pral gen pou pran nan kad batay pou ranfòse FADH la pou fè fas ak menas ki peze sou do peyi a. Se Madi 18 Jen 2024 la lèt sila adrese ak chèf lame a.

Tout sòlda ki an detachman yo dwe rantre nan baz rapid vit pou yon evalyasyon de tout twoup yo. Se sa nou li nan sikilè ministè a mete deyò.

Nouvo minis lan ki te enstale 12 jen pase a te di nan diskou li ke li pral mete tout konesans li pou sèvi peyi a. Anplis li pral travay pou ranfòse kapasite operzsyonèl lame a pandan li pral itilize nouvèl teknoloji yo pou mete yon sistèm sou pye pou lame a genyen bon jan enfòmasyon.

N ap raple sa genyen anviwon 2 lane lyentnan jeneral la te di nan diskou li, si gouvènman Ariel Henry a mete 2 cha daso, yon elikoptè konba disponib pou lame a nan 2 semèn y ap mete fen ak tout dezòd ensekirite gang yo nan peyi a. Se ak dlo nan je li te prononse diskou sila.

Emmanuel Saintus

Popular articles

 

Happy Father’s Day: Dismantling Stereotypes Affecting Black Fathers                                              Malika Jallow  This past Sunday, June 16th, we...

COUN : le CPT inaugure le Centre d’opérations d’urgence national

Le Centre d’Opérations d’Urgence National a été inauguré par les membres du Conseil Présidentiel...

Interrogations sur les motifs de refoulement des Haïtiens munis de visa américain, canadien ou Schengen

Le refoulement des Haïtiens, munis de visa américain, canadien ou Schengen, débarquant dans les...

Conférence de commémoration du 199ème anniversaire de la dette de l’indépendance d’Haïti:

" Impact de la dette de l'indépendance dans le sous-développement d'Haïti"Le Mouvement Point Final...

Latest News

Visite de Garry Conille au CEP :

Le Mouvement Point Final croit que Garry Conille fait fausse route, en voulant mettre...

Haïti 2004 – 2024 :

Le Gouvernement de Garry Conille et celui de Gérard Latortue, même cas de figure.Un...

Analyse du Comportement du nouveau DG de la PNH, Normil Rameau :

La Police nationale d'Haïti souffre d'une malformation congénitale.L'ex DG Frantz Elbé et le nouveau...
spot_img