L'édition
de la semaine
|
 |
|
Ayiti eleksyon: Wyclef Jean pase alatak!
Rapè entènasyonal ayisyen an Wyclef Jean ki te poze
kandidati pou pòs prezidan, KEP Gaillot Dorsainvil ap dirije
a te bay kanè jounen vandredi 20 dawout pase a pou koz
rezidans atis la pat gen ann Ayiti pandan 5 dènye ane sa
yo soti pou pete koken. Atis la kit e dakò nan yon premye
tan vire. Se kòm si jan l abitye di van an vire. Li voye
jete desizyon ki te pran an, li di ki pa kanpe sou anyen.
Wyclef Jean lonje dwèt sou prezidan repiblik lan René
Préval li akize kòm moun ki ta dèyè
mannèv pou retire l nan kous elektoral la. Nan yon mizik
anpil radyo pa sispann pase nan kapital la ansyen chantè
gwoup «Fugees» la chante kote li pale de dènyè
rankont li te fè ak chèf Leta a ki te envite l lakay
li. Wyclef pale nan mizik la tou de dyalòg li te fè
nan telefòn ak kandida Inite a Jude Célestin. Atis
la presize li pa t janm siyen okenn akò ak chèf
Leta a nan moman li te rankontre l la. «Préval di
mwen se yon bon kandida» di Wyclef Jean nan mizik li a,
li deklare ke l ret kwè ke se : «Preval menm ki rejte
kandidati l la».
Nan menm chante a Wyclef Jean pa t mete dlo nan bouch li pou kritike
konseye elektoral yo ki te mete l deyò nan kous la sou
zòd René Préval, selon li menm ki fè
konnen ke : «Moun sa yo merite prizon, poutèt yo
vyole manman lwa peyi a».
Prezidan Fondasyon Yele Ayiti a te mete aksan sou rezon ki te
pouse l poze kandidati l : se paske li te charye revandikasyon
tout yon popilasyon ki nan soufrans, jenès la an patikilye.
«Mete m sou kote, se mete jenès la deyò»
deklare Wyclef Jean, ki fè konnen l ap kontinye konteste
desizyon KEP a. E li pwomèt ke l ap kenbe angajman li te
pran avèk jenès la pou kontinye mouvman Fas a fas
la. Sanble angajman ak jenès la se sèlman lè
yon moun prezidan ou ka kenbe l !
Solidarite Senegal ak Ayiti
Yon delegasyon gouvènman Senegal te fè yon kout
pye ann Ayiti nan jounen madi 24 dawout la nan lide pou te fè
chwa etidyan ki te kandida pou jwenn bous etid nan Inivèsite
Osenegal.
Nan yon kominike pou laprès ministè Afè etranje
te mete deyò, enfòme tout moun ke gen yon delegasyon
senegalè ki nan peyi a. Selon kominike a delegasyon sila
ap gen pou l fè chwa etidyan ki te kandida pou al etidye
nan inivèsite Osenegal nan mwa oktòb k ap vini la
a.
Kominike a enfòme tout moun ki enterese pou pase depoze
dosye yo nan lokal komisyon miks Senegalo/ayisyen ki chita kò
l nan sant Fòmasyon teknik ak pwofesyonèl (Haïti-Tech)
nan Sonapi. Kandida yo dwe mache ak dosye anba bra yo tankou :
yon curriculum vitae byen detaye, fotokopi konfòm diplòm
bakaloreya, yon fotokopi konfòm relve tout nòt bakaloreya,
fotokopi konfòm relve nòt klas Reto ak Filo, yon
fotokopi kanè ak yon batistè.
Kominike a raple ke se aprè tranbleman tè 12 janvye
a ki te ravaje peyi a, prezidan Abdoulaye Wade te deside fè
solidarite ak pèp ayisyen an. Yon solidarite ki poko janm
ateri.
Ayiti sante : Objektif milenè pou devlopman (OMD)
an pase a kote nan zafè lasante ann Ayiti
Yon reprezantan Fon nasyonzini pou zafè popilasyon (UNFPA),
Igor Bosc fè konnen kantite fanm ki mouri nan fè
pitit gen tandans ogmante pi plis chak jou bondye mete. Igor fè
deklarasyon sa a nan kad yon atelye 2 jou ki te kòmanse
jounen mèkredi 25 dawou pase a nan otèl Leplaza.
Responsab LONI an fè remake yon lòt bò ke
; sou chak 100 mil akouchman ki fèt plis pase 630 manman
fè vwèl pou peyi san chapo. Daprè yon sous
Nasyonzini, yo fè konnen 630 mò pou chak 100 mil
akouchman an se to ki pi wo nan tout zòn Karayib la.
Bosc anonse ke yo sou wout mete sou pye 5 strateji ki pou pèmèt
yo fè fas ak sitiyasyon an nan lide pou frennen fenomèn
fanm k ap mouri nan fè pitit nan peyi a, epi ranfòse
planin familyal. Igor di li rekonèt ke objektif milenè
pou devlopman òganizasyon li reprezante a – FNUAP
- deklare y ap mete anpil aksan sou kesyon planin familyal. Tout
sa se bobin. Igor, menm si l konprann pwoblèm nan pa pral
leve plim sou do èg la. Puiske l ap travay pou li.
Eleksyon Etazini : Kandida ayisyen yo ap fè bèk
atè nan eta Florid
Se ak dlo nan je, lawont ak desepsyon ayisyano ameriken k ap viv
nan eta Floride te aprann defèt kandida ayisyen ki te patisipe
nan eleksyon primè pati demokrat ki te dewoule nan 17 èm
distri eta Florid selon sa Alterprès nan Florid rapòte.
Kominote ayisyen an pat soti al vote an mas, moun te kapab konstate
ke ayisyen ki te patisipe nan primè 24 dawou pase a, malgre
yo se kominote majoritè nan distri a. Pati demokrat la
te òganize eleksyon primè nan plizyè rakwen
Etazini nan lide pou chwazi moun ki pou al reprezante pati a nan
eleksyon demi manda prezidan Barack Obama k ap gen pou fèt
nan mwa novanm k ap vini la.
Eleksyon primè sa yo te sou wout louvri pòt pou
kandida ayisyano meriken yo nan lide pou yo te voye youn pami
yo al reprezante pati a pou pòs depite nan chanm reprezantan
an nan Washington. Men angrè divizyon te gentan simen nan
mitan kandida ayisyen ki nan 17 èm distri a, yo pat pran
lontan pou te pèdi lafas nan yon chire pit ki te ouvè
lavwa a yon kandida afwo ameriken, Frederica Wilson ki ranpòte
eleksyon primè a ak 35 % vòt ki te fèt yo.
Viktwa sa a mete madan Wilson sou wout pou ranplase Kendrick Meek
nan eleksyon k ap gen pou fèt nan mwa novanm 2010 la.
Kandida malere ayisyano meriken Rudolph Rudy Moise rive an dezyèm
pozisyon dèyè Frederica ak 16% vòt. 3 lòt
kandida ayisyen tankou Yolly Robenson te fè 10% Phillipe
Jean Brutus 9% Marleine Bastien 6% vwa pami moun ki vote pou yo.
Asosiyasyon elèv ak paran rele anmwe nan Sen Mak
Asosiyasyon paran ak elèv viktim 12 janvye nan vil Sen
Mak te leve vwa yo byen wo jounen lendi 30 dawout la pou poze
otorite yo kesyon pou konnen « èske se pitit bèl
mè yo ye». Nan yon nòt pou laprès asosiyasyon
an te mete deyò kote deklare ke y ap kontinye denonse direktè
ministè Enteryè a Sénatus Jude ak Joseph
André Lafontant ki se responsab USAID nan zòn nan
ak majistra Bona Charles ki pa deside peye kèk lekòl
ki te resewva ti moun ki te soti nan zòn ki te touche anba
tranbleman tè 12 janvye a, jan otorite yo te pwomèt
sa a «Jodi a se nou menm elèv ak paran k ap peye
konsekans rezilta ekzamen ofisyèl ki pibliye a, kote direksyon
lekòl yo pa deside bay elev yo rezilta ni atestasyon ekzamen
leta a akoz kòb yo pa resewva nan men otorite yo»
deklare responsab APEV yo nan nòt la. Nòt la pousib
pou mande mete aksyon piblik an mouvman kont moun yo te site pi
wo a. Pou yo ka bay bon jan eksplikasyon pou tout moun konnen
kote lajan lekòl ti moun Sen Mak yo pase. Manm Asosiyasyon
an sèmante 7 fwa 77 fwa pou di ke kou sa pap pase e yo
menase nan jou k ap vini yo pou pase alaksyon.
|