|
Sant
kiltirèl pou Edikasyon anvironnmantal kominotè Kibanikèl
Moa, 26 fevriye 2010
Timoun, adolesan, jèn Ayisyen frè n yo:
Depi lè katastwòf la pase sou
peyi d Ayiti a, nou menm nan Kiba nou te rete atantif ap swiv
evennman yo. Menm si kò nou tout pat la sou tè d
Ayiti, men nou gen paran, kouzen, zanmi, mèt lekòl,
doktè ki te la depi avan dezas natirèl la, k ap
bay lasante ak ledikasyon, de gwo bagay kretyen vivan bezwen pou
l kapab vrèman itil.
Nou menm nou fèt nan yon peyi sosyalis:
pandan n ap grandi, yo aprann nou fè solidarite ak tout
pèp sou latè beni. Se sa Apot Jose Marti Pérez
vle di lè l ekri fraz sa a: « Patri nou se tout kretyen
vivan». Se sa ki fè nou vle voye powèm, kont,
desen bay frè nou yo nan peyi d Ayiti. Nou kwè ke
yo menn tou, kote yo ye lot bò a, y ap voye èv pa
yo ba nou bò isit, pou nou kapab montre ekpozisyon nan
galeri kominal, oswa fè echanj kiltirèl, kote nou
kapab bwase lide sou tout sa nou ta renmen ki fèt ansanm
nan lavni. Sou chèn televizyon MOATV, nou kapab montre
travay ayisyen ap fè, epi sou antènn radyo lokal
« LA Voz del Niquel », nan espas direksyon pwogramasyon
an ak lòt enstitisyon yo rezève pou nou an, n ap
li pwezi ak kont sa yo. Nou deja mete yon paj WEB ECOARTE nan
dispozisyon ti frè ak ti sè ayisyen yo.
Nou menm bò isit, nou pwal konsakre
nan non pèp ayisyen tout aksyon kominotè ak edikasyon
anvironnmantal ki gen pou fèt nan rès ane eskolè
a, e menm sa k ap fèt lane pwochenn. Se sa ki fè,
22 mas, jou mondyal dlo, n ap plante mil pye bwa nan tèt
rivyè Moa. Sòti 19 pou rive 22, nou pwal fè
lòt aksyon kominotè pou n plede kòz bon lizay
dlo, avèk patisipasyon aktiv e konsyan tout kominote minyè
a. Aksyon sa a rele: « Moa, annavan pou n defann kòz
dlo ».
Nou voye ban nou tou adrès imèl
nou. Se: cceac@cubaniquel.moa.minbas.cu. Nan adrès sa a,
èv ti Ayisyen yo ap rive jwenn anpil moun sou latè
beni, prensipalman timoun, adolesan ak jèn ki ap viv sou
tè kiba. Men adrès kote pou nou voye lèt
ak lòt dokiman: Carretera Moa- Sagua Km. 1 1/2, Moa, CP
83 330, Holguin, Cuba. Telefonos: (53) (24) 60 8283, 60 6602 60
8276. Fax : (24) (53) 60 2156, 60 2201.
Nou gen yon pwogram ki rele ECOARTE. Li fèt
soti pran « Premio Nacional en Página Web del Concurso
Gilberto Caballero”. Lespri solidarite ki nan kè
nou fè n konsakre pri sa a nan non tout timoun, tout adolesan
ak tout jèn Ayisyen. Nou fè sa nan non Pwogrann
Kominotè ak nan non Misyon Kibèn Solidarite k ap
travay nan peyi d Ayiti depi lontan.
Pandan n ap tann repons lèt sa a, nou
voye yon gwo salitasyon pou ti konpayèl Ayisyen nou yo.
Se Timoun, Adolesan ak Jèn Pwogram Edikasyon
Anvironmantal Kominotè Kibanikel Moa.
|