4 Janvier, 2006

January 4, 2006

4 Janvye, 2006
Vol. 23 No. 43

Yon fèt fen ane nan fatra ajoute a lamizè!
Gouvènman defakto Alexandre/Latortue a pa fè anyen pou chanje vizaj kapital la nan okazyon fèt fen ane yo. Tout kote w pase nan kapital la se gwo pil fatra, nan kèk zòn kouwè Pòs Machan, fatra bloke sikilasyon an nèt. Moun yo nan kapital la rele anmwe pou otorite defakto yo ki pa fè anyen pou netwaye kapital la kouwè sa te konn fèt sou gouvènman Lavalas yo. Ensalibrite ajoute sou ensekirite, lavi chè ki, ak represyon, pa gen kouran elektrik, tout sa mete ansanm pou fin detwi popilasyon an. Men ke patizan defakto yo, prezidan komisyon kominal Pòtoprens lan t al twouve l sou kabann lopital lè li te fin fè kòlè poutèt otorite defakto yo te refize ba l mwayen pou l te ka fè pwòpte.

Kidnaping: yon fenomenn defakto!
Nan fen ane 2005 lan, kidnapin lan kontinye ap vale teren nan plizyè peyi nan Amerik latin ak nan Karayib la. Sa frape timoun pi plis nan plizyè peyi kouwè: Pérou, Mexique e Colombie. Kidnapin lan vin yon aktivite rantab pou bandi yo.

Nan peyi Mexique, chak 6zè de tan yo kidnape yon moun. Ann Ayiti menm, depi gouvènman defakto sa a enstale se kidnaping ase, e sa vin pi grav chak jou, nan yon sèl wikenn yo kidnape plis pase 20 moun nan zòn kapital la.

Repiblik dominikèn kontinye rapatriman
Nan fen ane a otorite dominiken yo kontinye ak depòtasyon masif konpatriyòt nou yo. Dimanch 25 desanm lan, yo ranvowaye 500 ayisyen yo te arete nan Santiago. Majorite nan moun yo rapatriye yo se timoun, fanm, adolesan, yo te fòse yo monte nan yon kamyon epi kondwi yo sou fwontyè a. Ayisyen yo k ap viv an Repiblik dominikèn, nan Santiago te manifeste mekontantman yo kont tretman enjis konpatriyòt nou yo ap viv.

Otorite dominiken yo kontinye ap pran dispozisyon kont ayisyen, Kou siprèm jistis (CSJ) an Repiblik dominikèn pran yon arè pou anpeche ayisyen ki fèt an Repiblik dominikèn jwenn nasyonalite dominikèn. Enstiti jeneral yo ak amiral retrete yo, yon òganizasyon ki regwoupe tout ansyen militè yo felisite desizyon Kou siprèm jistis la. Oganizasyon dwa moun yo ak kèk moun nan sosyete dominiken an voye jete arè sa a yo kalifye de selera yo vle aplike kont kominote dominiko-ayisyen ki evalye apeprè yon milyon moun.

Anbasadè brezilyen an vizite sòlda Jòdanyen yo
Nan wikenn 24-25 desanm lan, anbasadè Brezil la ann Ayiti, Paolo Pinto Cordeiro te vizite kontenjan sòlda Jòdanyen Minustah ai, nan Site Solèy. Anbasadè, Paolo Pinto swete lapè retabli ann Ayiti, li kondane lanmò 2 sòlda Minustah yo nan Site Solèy. Lendi 20 desanm lan, polisye retrète kanadyen an Marc Bourque te tonbe anba bal sou wout nasyonal #1 an. Samdi 24 desanm lan, kapitèn Yousef Algader ki genyen 31 lane, ki t ap kòmande dezyèm konpayi batayon Jòdanyen an kijwenn lanmò nan fè represyon nan Site Solèy.

Moun ki pi granmoun nan ap viv Kiba!
Benito Martinez Abogan, yon Kiben dorijin ayisyen se gason ki genyen plis laj Kiba e nan lemonn, li te fèt ann Ayiti 19 jen 1880. An 2006 la, li pral genyen 126 lane. Daprè doktè k ap bal swen, li toujou rete an bòn sante li. Daprè jounal Granma Entènasyonal, Benito Martinez toujou manje legim, pafwa yon ti vyann kochon ak pwodwi vejetal yo, li pa bwè anpil alkòl, li pa fimen e li se yon gwo amatè kafe, li pa pote linèt e li wè byen.

Nouvo anbasadè franse
Vandredi 23 desanm lan, gouvènman franse nonmen Christian Connan kòm yon nouvo anbasadè li ann Ayiti k ap vinn ranplase Thierry Burkard ki te okipe pòs sa a depi lane 2003 e ki te patisipe nan kidnaping prezidan Aristide la.

Aktivite yo toujou paralize nan palè jistis
Nan fen mwa desanm lan, aprè twa semèn grèv, jij yo poko reprann travay yo, yo kontinye ap pwoteste kont desizyon abitrè prezidan defakto Boniface Alexandre te pran pou revoke 5 jij nan Kou kasasyon yo. Avoka yo toujou rete solidè ak jij yo ki regwoupe yo nan Asosiyasyon nasyonal majistra Dayiti (Anamah). Jij gouvènman defakto an te vle enstale yo poko kapab antre nan palè jistis la.

«Eleksyon» yo ap ranvwaye ankò!
Aprè plis pase yon ane edmi, Konsèy elektoral pwovizwa a (KEP) a pa kapab reyalize (s)eleksyon yo te prevwa fè nan dat 8 janvye 2006 la. Jiska prezan distribisyon kat idantifikasyon nasyonal yo, repatisyon sant vòt yo, piblikasyon lis elektoral yo poko rive fin fèt. Dapre prezidan KEP la, Max Mathurin, sou 3 milyon kat ki ta disponib, se sèlman yon milyon ki rive distribiye: «E kòm nou genyen fòmasyon ki prè la a, gen anpil efò k ap fèt pou distribisyon kat lan fèt, kounye a, nou a 1 milyon de kat ki distribiye selon done OEA te genyen».

Premye minis defakto a, Gérard Latortue, swete yon pase men nan kalandriye elektoral la. KEP la kontinye ap rankontre ak pati politik yo pou evalye pwosesis elektoral la e aprè evalyasyon sa yo, responsab KEP la pral prepare yon lòt kalandriye. Donk «eleksyon» yo pap fèt 8 janvyer 2006 la jan sa te prevwa.